1 Korent 7

7
Kèsyon sou maryaj
1Bon. Kounyeya ann wè kèsyon nou te mande m nan lèt nou an: Wi. Yon nonm fè byen si l pa marye. 2Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo. 3Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li. 4Madanm lan pa ka fè sa l vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye. 5Piga nou prive nou yonn lòt, esepte si nou antann nou sou sa pou yon moman pou konsakre nou nan lapriyè. Men apre sa, reprann lavi nòmal madanm ak mouche nou. Si nou pa fè li konsa, nou riske pa ka kontwole tèt nou epi bay satan pye fè nou tonbe nan pyèj li.
6Se pa lòd m'ap bay lè mwen pale konsa a non! Men annou bliye sa. 7Poudi #Mat 19.12 vre, mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men Bondye bay chak moun gras pa yo. Sa a resevwa yon kalite favè, sa a resevwa yon lòt kalite favè.
8Men sa m'ap di moun ki pa marye yo ansanm ak vèv yo. Li ta pi bon pou yo rete tankou m, pou kont yo. 9Men, #1 Tim 5.14 si nou pa ka kontwole tèt nou, prefere nou marye marye nou pase n'kite lanvi ap kale nou.
10Kanta #Mat 5.32 pou moun marye yo, men lòd m'ap ba yo - Sa pa soti nan mwen non, men nan Senyè a menm: Madanm pa dwe separe ak mari. 11Si li separe avè li, se pou li rete san li pa remarye. Tan pou sa fèt, pito li rekonsilye ak mari li. Konsa tou, yon mari pa dwe kite madanm li.
12Pou lòt yo menm, men sa m'ap di (fwa sa a, sa se konsèy pa mwen, sa pa sòti nan Senyè a): Si yon mari ki gen konfyans nan Kris la gen yon fanm ki pa gen konfyans nan Kris la, epi si fanm lan dakò pou l kontinye viv avè l, mari a pa gendwa mete l deyò. 13Konsa tou, si yon fanm ki gen konfyans nan Kris la gen yon mari ki li menm pa gen konfyans nan Kris la, epi si mari a dakò pou l kontinye viv avè li, li pa fèt pou kite ak mari a. 14Mari #Wòm 11.16 ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l paske l'ap viv ansanm ak mari l ki gen konfyans. Si sa pat konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo. 15Men, #Wòm 14.19 si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mèt kite. Nan ka sa a, frè a osinon sè a pa gen okenn angajman ankò. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kè poze. 16Eske #1 Pyè 3.1 ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou?
Se pou nou viv selon Bondye
17Esèpte #1 Kor 7.20,24 nan ka sa yo, se pou chak moun kontinye viv dapre gras Bondye fè yo, epi selon jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. Se lòd sa a mwen bay nan tout legliz yo. 18Si yon moun te deja sikonsi lè Bondye te rele l la, li pa bezwen chache wete mak sikonsizyon an sou li. Si yon moun pat sikonsi lè Bondye te rele l la, li pa bezwen fè yo sikonsi li. 19Kit #Gal 5.6; 6.15; Wòm 2.25 ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, sa pa konsekan ankò. Sa ki konsekan an se obeyi pou nou obeyi kòmandman Bondye yo. 20Se pou chak moun rete jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. 21Si ou te esklav lè Bondye te rele ou la, pa bay tèt ou pwoblèm pou sa. Okontrè tandiske ou ta ka vin lib, chache viv kondisyon esklav ou a pou byen pwofite. 22Yon #Ef 6.6; File 1.16 moun ki esklav, depi Bondye rele l, se yon moun lib sou kont Senyè a li ye. Konsa tou, moun ki lib la, depi Bondye rele l, se esklav Kris la li ye. 23Bondye te achte nou. Li peye byen chè pou sa. Pa tounen esklav moun. 24Frè m yo, se pou chak moun rete devan Bondye nan kondisyon yo te ye lè Bondye te rele yo a.
Kèsyon moun ki pa marye ak vèv yo
25Kanta #1 Tim 1.12,13 pou moun ki pa marye yo, Senyè a pa ban m okenn lòd pou yo. M'ap bay lide pa m, epi nou te mèt fè m konfyans akòz favè Bondye fè m nan kè sansib li gen pou mwen an.
26Jan tan an difisil kounyeya, men lide m fè nan tèt mwen. Mwen kwè sa bon pou yon nonm rete jan l ye a. 27Si l gentan gen yon madanm, li pa bezwen chache separe avè li. Si l poko marye, li pa bezwen chache yon madanm. 28Si l #Lik 21.23 ta vle marye tou, li mèt. Li p'ap fè okenn peche. Konsa tou, si yon jenn fi vle marye, li pa fè peche pou sa. Men, moun k'ap marye yo pral gen kont traka yo nan lavi a. Mwen pa ta renmen wè sa rive yo.
29Frè m #Wòm 13.11; Lik 14.26 yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi kounyeya, se pou moun marye yo viv tankou si yo pat marye. 30Se pou moun k'ap kriye yo viv tankou moun ki pa gen lapenn. Moun ki gen kè kontan yo, se pou yo viv tankou moun ki pa gen kè kontan. Se pou moun k'ap achte yo viv tankou si sa yo achte a pat pou yo. 31Moun #1 Jan 2.15-17 ki rich sou latè, se pou yo viv tankou moun ki pa gen anyen. Paske, jan sa ye kounyeya nan lemonn, sa pa la pou lontan ankò.
32Mwen pa ta renmen wè nou gen okenn tèt chaje. Yon nonm ki pa marye, l'ap okipe zafè Senyè a sèlman. L'ap chache fè Senyè a plezi. 33Yon #Lik 14.20; Ef 5.29 moun ki marye, l'ap okipe zafè lemonn tou paske l'ap chache fè madanm li plezi. 34Lè sa a, li vin gen de okipasyon. Konsa tou, yon fanm ki san mari, osinon yon jenn fi ki pa marye, se zafè Senyè a sèlman y'ap okipe paske yo vle mete tout kò yo, tout nanm yo apa pou li. Men sa ki marye yo ap okipe zafè lemonn tou, paske y'ap chache fè mari yo plezi.
35Se pou byen nou m'ap di nou sa. Mwen pa vle mare pye pèsonn. Okontrè, mwen vle pou nou tout viv jan nou wè l pi bon pou nou an, epi pou nou toujou rete fè m ap sèvi Senyè a san dezanpare.
36Ann wè kounyeya kèsyon de fyanse ki pran desizyon pou yo rete san yo pa marye. Si jenn gason an santi li pa ka kontinye aji jan l te dwe ak jenn fi a, si l pa ka kontwole lanvi l ankò, si l wè se nesesè pou yo marye, yo mèt marye jan l vle l la. Li pa fè okenn peche pou sa. 37Konsa tou, si jenn gason an pran fèm desizyon pou l pa marye, si l kapab kontwole volonte l, si li deside nan tèt li se sa pou l fè, enben, li fè byen si l pa marye ak jenn fi a. 38Konsa, jenn gason ki marye ak fyanse l la fè byen. Men, sa ki pa marye a fè pi byen toujou. #7.36-38: Men yon lòt jan yo ka konprann vèsè sa yo: 36 Si yon papa konsidere se yon dezonè pou pitit fi li depase laj maryaj, si li wè se nesesè pou l marye li, li mèt marye l jan l vle l la. Li pa fè okenn peche. 37 Konsa tou, si papa a pran yon fèm desizyon san pèsonn pa fòse l, men paske se sa li vle, si li deside li menm pou l pa marye pitit fi li, li fè byen tou. 38 Konsa, moun ki marye pitit fi li fè byen. Men, moun ki pa marye pitit fi li fè pi byen tou.
39Yon #Wòm 7.2 fanm marye gen angajman ak mari l toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, li lib marye ak moun li vle, depi se ak yon moun ki patizan Kris la. 40Men, l'ap gen mwens tèt chaje si l rete jan l ye a. Sa se lide pa mwen. Epi mwen kwè poutèt pa m mwen gen Lespri Bondye a avè mwen.

Chwazi Kounye ya:

1 Korent 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an