1 Korent 8

8
Kèsyon manje vyann bèt zidòl
1Ann wè kounyeya kèsyon vyann bèt yo #Tra 15.29 ofri bay zidòl.
Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon. 2Moun #Gal 6.3 ki mete nan tèt li li konn kichòy, li poko konnen jan l dwe konnen an. 3Men, #Gal 4.9 moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li.
4Bon, #1 Kor 10.19; Det 6.4 men kèsyon an: eske nou ka manje vyann bèt yo ofri bay zidòl? Nou konnen byen pwòp zidòl yo pa reprezante anyen ki vre sou latè. Se yon sèl Bondye a ki genyen. 5Nou #Sòm 82.6; Jan 10.34 te mèt tande gen lòt swadizan bondye nan syèl la ak sou latè a (sa pa manke: gen anpil bagay ki pase pou bondye, gen anpil yo rele mèt vre), 6pou #Mal 2.10; Kol 1.16; 1 Kor 12.5,6 nou menm, se yon sèl Bondye a ki genyen: se Papa a ki kreye tout bagay epi se pou li n'ap viv. Pou nou menm, se yon sèl Mèt ki genyen: se Jezikri, se nan li tout bagay sòti, se li k'ap fè nou viv tou.
7Men, #1 Kor 10.27 se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen moun ki te sitèlman abitye ak zidòl yo, jouk kounyeya, lè y'ap manje yon vyann, yo konprann se vyann bèt ki te ofri bay zidòl y'ap manje. Konsyans yo fèb. Yo santi yo mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye ak manje a. 8Men, #Wòm 14.17 manje pa ka fè nou vin pi pre Bondye. Nou pa pèdi anyen lè nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lè nou manje yon lòt kalite.
9Men, #Gal 5.13 fè atansyon pou jan nou santi nou lib fè sa nou vle a sa pa fè yon lòt frè ki fèb nan konfyans li tonbe nan peche. 10Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l pou l manje vyann bèt yo ofri bay zidòl. 11Nonm #Wòm 14.15 sa a ki fèb nan konfyans li a, Kris la te mouri pou sove l tou, men li va peri akòz konesans ou a. 12Lè sa a, se pa sèlman kont frè ou yo ou fè peche, se pa sèlman konsyans yo ki fèb ou blese, men se kont Kris la menm ou fè peche. 13Pase #Wòm 14.21 pou yon manje fè frè m tonbe nan peche, mwen pito pa janm manje vyann ankò pou m pa fè frè m tonbe nan peche.

Chwazi Kounye ya:

1 Korent 8: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an