1 Korent 6

6
Piga frè rele frè nan tribinal
1Lè yonn nan nou gen kont ak yon frè, ki jan l ka penmèt li al nan tribinal devan moun ki pa konn Bondye, pase pou l mande moun ki fè pati pèp Bondye a regle sa pou li? 2Kouman? #Rev 3.21; Da 7.22 Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa? 3Se konnen nou pa konnen nou gen pou n jije ata zanj Bondye yo tou? Se pa ti bagay k'ap pase sou latè sa a pou n pa ta kapab jije. 4Si nou gen kont pou ti bagay konsa, nou pa ka al pran moun ki pa anyen nan legliz la pou jije nou. 5Mwen wont pou nou. Konsa, genlè pa gen pèsonn nan mitan nou ki gen bon konprann dekwa pou regle kont nou gen yonn ak lòt, 6kifè yon frè blije rele yon lòt frè nan tribinal pou fè moun ki tou pa kwè yo jije nou?
7Sa #Mat 5.39; 1 Tes 5.15; 1 Pyè 3.9 ki pi rèd, si nou ka gen pwosè yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito? 8Okontrè, mwen wè se nou menm k'ap fè lòt lenjistis, k'ap piye yo, epi ki moun n'ap fè sa, se pwòp frè nou nan Kris la! 9Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, 10moun #Gal 5.19-21 k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. 11Anpil #Tit 3.3-7 nan nou, se sa menm nou te ye. Men, kounyeya Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l. Gremesi Jezikri, Senyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.
Sèvi ak kò nou pou fè lwanj Bondye
12Gen #1 Kor 10.23 kèk moun nan nou ki di: Mwen gendwa fè tout bagay. Wi, ou gendwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gendwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m tounen esklav li, li te mèt sa l te ye. 13Nou #1 Tes 4.3-5 di tou: Manje fèt pou vant, vant fèt pou manje. Se vre. Men, Bondye ap detwi ni yonn ni lòt. Kò moun pa fèt pou dezòd lachè. Se pou Senyè a li ye, Senyè a se pou kò a li ye. 14Bondye #1 Kor 15.15,20; 2 Kor 4.14; Wòm 8.11 te fè Senyè a leve sòti vivan nan lanmò. L'a fè menm bagay la tou pou nou ak pouvwa li.
15Nou #1 Kor 12.27 konnen, pa vre, kò nou se manm kò Kris la. Eske mwen ka pran yon manm kò Kris la pou m fè l tounen yon manm kò yon fanm k'ap fè jennès? Pa posib! 16Eske #Jen 2.24 nou pa konn sa: yon nonm ki mete kò l ak yon fanm ki nan jennès, li fè yon sèl kò avèk li. Se sa Liv la di: yo tou de va fè yon sèl kò. 17Men, #Jan 17.21,22; Ef 5.30; 2 Kor 3.17 moun ki mete l avèk Senyè a, li fè yon sèl lespri avèk li.
18Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l anyen. Men, moun ki lage kò l nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li. 19Se #1 Kor 3.16 konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò. 20Bondye #1 Pyè 1.18,19; 1 Kor 7.23; Fil 1.20 achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

Chwazi Kounye ya:

1 Korent 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an