1 Kwonik 5

5
Moun fanmi Riben yo
1Men moun branch fanmi Riben, premye #Jen 29.32; 35.22; 48.15-22; 49.3,4 pitit Izrayèl la. Se Riben ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pat pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit. 2Lèfini, #Jen 49.8-10; Mi 5.2 se branch fanmi Jida a ki te vin pi fò. Se li menm ki bay yon chèf pou gouvènen tout branch fanmi yo. Men tout jan, se Jozèf yo te bay dwa premye pitit la. 3Riben, #Jen 46.9 pi gran nan pitit gason Izrayèl yo, te gen kat pitit gason: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami.
4Jowèl te papa Chemaja, Chemaja te papa Gòg, Gòg te papa Chimeyi, 5Chimeyi te papa Mika, Mika te papa Reaja, Reaja te papa Baal. 6Baal #2 Wa 15.29; 2 Kwo 28.20 te papa Bera, yonn nan chèf fanmi Riben yo. Se li menm Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, te depòte.
7Men lis lòt chèf fanmi Riben yo dapre rejis kote yo te ekri non yo. N'ap konmanse ak pi ansyen an. Te gen Jeyèl, Zakari, 8Bela, #Nonb 32.3,38 pitit Aza, pitit pitit Chema nan branch fanmi Jowèl. Se yo ki te rete nan zòn Awoyè, rive Nebo ak Baal-Meon sou nan nò. 9Yo #Joz 22.9 te gen anpil mouton ak kabrit nan tout peyi Galarad la. Se konsa yo pran tout peyi a depi bò dezè a rive jouk bò larivyè Lefrat bò solèy leve.
10Sou reny wa Sayil, moun Riben yo atake moun Aga yo. Yo bat yo, yo pran tout tè moun yo ki sou bò solèy leve nan peyi Galarad.
Moun fanmi Gad yo
11Branch #Nonb 32.33; Joz 12.5; 13.11 fanmi Gad la te rete sou bò nò moun branch fanmi Riben yo, nan peyi Bazan, rive Salka sou bò solèy leve. 12Jowèl te vin an premye. Apre li te gen Chafam, Janayi ak Chafat nan peyi Bazan. 13Lòt moun nan fanmi an te fè sèt branch. Men non branch fanmi yo, dapre non zansèt yo: Mikayèl, Mechoulam, Cheba, Jorayi, Jakan, Zya ak Ebè.
14Yo tout te pitit Abikayil ki te pitit Ouri. Ouri te pitit Jawoja ki te pitit Galarad. Galarad te pitit Mikayèl ki te pitit Jechichayi. Jechichayi te pitit Jakdo ki te pitit Bouz. 15Aki, pitit Abdyèl, pitit pitit Gouni, te zansèt tout fanmi sa yo. 16Yo te rete nan peyi Bazan ak nan peyi Galarad, nan lavil yo ak nan tout savann patiraj peyi Sawon an. 17Se #2 Wa 14.16,28; 15.5,32 sou reny Jotam, wa peyi Jida, ak Jewoboram, wa peyi Izrayèl, yo te fè rejis sa yo.
Lame fanmi Riben, Gad ak Manase
18Branch fanmi Riben lan, branch fanmi Gad la ak mwatye branch fanmi Manase a te gen antou karannkatmil sètsanswasant (44.760) sòlda, tout vanyan gason, ki konn sèvi ak pwotèj an fè ak nepe, ak banza. Yo te abil nan fè lagè. 19Yo #Jen 25.15 fè lagè ak moun Aga yo ki te rete lavil Jetou, lavil Nafich ak lavil Nodab. 20Yo #2 Kwo 14.11; 18.31; Sòm 22.4,5 pat pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo. 21Yo pran senkantmil (50.000) chamo, desansenkantmil (250.000) mouton ak kabrit, demil (2.000) bourik nan men lènmi yo. Yo fè sanmil (100.000) prizonye. 22Yo #2 Wa 15.29; 17.6 touye anpil ladan lènmi yo paske batay la se Bondye menm ki t'ap mennen l pou yo. Se konsa yo rete nan zòn sa a jouk jou yo depòte yo.
Rès fanmi Manase
23Moun #Det 3.9,13 mwatye branch fanmi Manase ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an te rete nan zòn ki sòti Bazan moute nan nò rive Baalèmòn, lavil Seni ak mòn Emon. Yo te peple anpil. 24Men non chèf fanmi yo: Efè, Icheyi, Eliyèl, Azryèl, Jeremi, Odavya ak Jadyèl. Mesye sa yo te vanyan sòlda, chèf fanmi yo. Tout moun t'ap nonmen non yo.
Yo depòte tout moun sa yo
25Men, #Det 31.16; 2 Wa 17.7 pèp la te vire do bay Bondye zansèt yo a, y'al kouri fè sèvis pou bondye lòt nasyon Bondye te disparèt pou fè plas pou yo. 26Se #2 Wa 15.19,29; 17.6; 1 Kwo 5.6 poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Riben yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a.

Chwazi Kounye ya:

1 Kwonik 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte