1 Kwonik 4

4
Fanmi Jida
1Men non lòt pitit gason Jida te gen: Perèz, #Jen 38.29; 46.12; 1 Kwo 2.7,19,50 Ezwon, Kami, Our ak Chobal. 2Chobal #1 Kwo 2.52,53 te papa Reaja, Reaja te papa Jakat, Jakat te papa Akoumayi ak Laad. Se yo ki zansèt moun ki rete lavil Zora.
3Etam te pitit Our. Se li ki papa Jizreyèl, Ichma, Idbak ak yon pitit fi yo rele Azelèl-poni. 4Penwèl, #Jen 35.19; 1 Kwo 2.50,51 yon lòt pitit Our, te papa Gedò. Ezè, yon lòt pitit Our, te papa Oucha. Our te premye pitit Efrata, madanm Kalèb. Se branch fanmi l lan ki te bati lavil Betleyèm.
5Achou, #1 Kwo 2.24 ki te bati lavil Tekoa, te gen de madanm: Ela ak Nara. 6Nara te fè kat pitit gason pou li. Se te Aouzam, Efè, Temeni ak Ayachtari. 7Ela te fè twa pitit gason pou li: Zerèt, Soa ak Etnan.
8Kòz te papa Anoub ak Zobeba. Se li ki zansèt tout branch fanmi Arèl, pitit gason Awoum.
9Te #Jen 3.16; 35.18 gen yon nonm yo te rele Jabèz, ki vle di Soufrans. Nan tout fanmi li se li menm yo te plis respekte. Manman li te rele li konsa paske li te soufri anpil anpil lè li t'ap fè li. 10Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l:
— Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m anpil tè. Kanpe la avè m. Pa kite okenn malè rive m pou m pa soufri.
Se konsa Bondye ba li sa l te mande a.
Lis lòt moun fanmi Jida yo
11Keloub, frè Choula, te gen yon pitit gason yo te rele Meyi. Meyi te papa Echton. 12Echton te papa Betrafa, Pasea ak Techima. Se Techima ki te tabli lavil Nagach. Se fanmi moun sa yo ki rete lavil Reka.
13Kenaz #Joz 15.17; Jij 1.13; 3.9,11 te gen de pitit gason: Otnyèl ak Seraja. Otnyèl te gen de pitit gason tou: Atat ak Meonotayi. 14Meonotayi te papa Ofra. Seraja te papa Joab, zansèt moun ki rete nan fon Bos Atizan yo. Tout moun sa yo te bos nan metye yo.
15Kalèb, #Nonb 13.6; Joz 14.6-15 pitit gason Jefoune, te gen twa pitit gason pou tèt pa l: Iwou, Ela ak Nam. Ela te papa Kenaz.
16Jealelèl te gen kat pitit gason: Zif, Zifa, Tirya ak Azareyèl.
17-18Esdras te gen kat pitit gason: Jetè, Merèd, Efè ak Jalou.
Merèd marye ak Bitya, yonn nan pitit fi farawon peyi Lejip la. Yo fè yon pitit fi, Miryam, ak de pitit gason: Chamayi ak Ichba. Ichba te papa Estemoa. Merèd te pran yon fanm nan branch fanmi Jida a tou pou madanm. Madanm sa a ba li twa pitit gason: Jerèd, papa Gedò, Ebè, papa Soko, ak Jekoutiyèl, papa Zanoa.
19Odija marye ak sè Naam lan. Se pitit yo ki zansèt branch fanmi moun Gram yo ki te rete lavil Kejila, ak branch fanmi moun Makat yo ki te rete lavil Estemoa.
20Chimon te gen kat pitit gason: Amnon, Rina, Bennanan ak Tilon. Icheyi te gen de pitit gason: Zoet ak Bennzoèt.
Moun fanmi Chela yo
21Men #Jen 38.1,5; 46.12; 1 Kwo 2.3 moun ki nan branch fanmi Chela, pitit Jida a: Er, papa Leka, Lada, papa Marecha, branch fanmi moun ki fè bon twal fen nan lavil Bètachbea yo. 22Jokim, moun ki rete lavil Kozeba, Joas ak Saraf. Moun sa yo te marye ak fanm moun peyi Mowab, lèfini yo tounen vin rete lavil Betleyèm, dapre sa moun lontan yo ap repete. 23Se moun ki te konn fè veso an tè. Yo te rete lavil Netayim ak lavil Gedera. Se yo ki te konn travay pou wa a.
Fanmi Simeyon an
24Simeyon #Jen 46.10; Nonb 26.12 te gen senk pitit gason: Nemwèl, Jamen, Jarib, Zera ak Sayil. 25Sayil te papa Chaloum, Chaloum te papa Mibsam, Mibsam te papa Michma, 26Michma te papa Amwèl, Amwèl te papa Zakou, Zakou te papa Chimeyi. 27Chimeyi te gen sèz pitit gason ak sis pitit fi. Men lòt frè l yo pat fè anpil pitit. Se konsa branch fanmi Simeyon an pat rive gen menm kantite moun ak branch fanmi Jida a.
28Rive #Joz 19.2-8 sou reny wa David, moun branch fanmi Simeyon yo te rete nan lavil sa yo: Becheba, Molada, Azachwal, 29Bila, Ezèm, Tolad, 30Betwèl, Oma, Zikla, 31Bètmakabòt, Azasousim, Bètbireyi ak Charayim. 32Yo te rete nan senk lòt kote apre sa: Etam, Ayin, Rimon, Tochenn ak Achan, 33ak tout ti bouk ki nan vwazinay yo, rive lavil Balat, nan direksyon sid. Tou sa se kote yo t'ap viv ak liv rejis fanmi yo.
34-35Men moun ki te chèf branch fanmi Simeyon yo: Mechobab, Jamlèk, Jocha, pitit gason Amazya, ak Jowèl, Jeou, pitit gason Jozibyas ki te pitit Seraja, pitit pitit Asiyèl, 36Elyoenayi, Jakoba, Jekoaja, Asaya, Adyèl, Jezimyèl, Benaja, 37Ziza, pitit gason Chifi, ki te pitit gason Alon. Alon sa a te pitit Jedaja. Jedaja menm te pitit Chimri ki te pitit Chemaja. 38Tout moun nou sot nonmen la yo te chèf nan fanmi yo. Branch fanmi an t'ap peple toujou. 39Y'al chache patiraj pou mouton yo toupre lavil Gedò, sou bò solèy leve nan fon kote lavil la ye a. 40La, #Jij 18.7,27 yo jwenn yon bon patiraj ki te fre nan yon plenn kote ki pat gen bri ni dezòd. Se la moun branch fanmi Kam yo te rete nan tan lontan.
41Sou reny Ezekyas, wa peyi Jida, moun nou sot bay non yo la a rive lavil Gedò, yo touye moun fanmi Kam yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye. Yo detwi tout lavil la ak ti joupa moun yo. Yo pran plas moun yo nan peyi a, paske te gen anpil bon patiraj pou mouton ak kabrit yo.
42Senksan #Jen 36.8 (500) lòt moun nan branch fanmi Simeyon an pati pou mòn Seyi, nan peyi Edon. Yo te gen pou chèf kat pitit gason Icheyi yo: Pelatya, Nearya, Refaja ak Ouzyèl. 43#1 Sam 15.8; 30.17 yo rive, yo touye res moun Amalèk yo. Depi lè sa a se la yo rete jouk jounen jòdi a.

Chwazi Kounye ya:

1 Kwonik 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte