1 Kwonik 6

6
Lis granprèt yo
1 # 6.1-81: Koresponn ak chapit 5.27 rive nan chapit 6.66 nan tèks ebre a. Levi te gen twa pitit gason: Gèchon, #Jen 46.11; 1 Kwo 23.6 Keyat ak Merari. 2Keyat #Egz 6.18; 1 Kwo 6.22 te gen kat pitit gason: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. 3Amram #Egz 6.20; 15.20; 28.1; Lev 10.1,12; Nonb 3.2-4; 26.60,61 te gen de pitit gason, Arawon ak Moyiz ak yon pitit fi yo te rele Miryam. Arawon te gen kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.
4Eleaza #Esd 7.3-5 te #Egz 6.25; 1 Kwo 6.50 papa Fineas, Fineas te papa Abichwa, 5Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi, 6Ouzi #1 Kwo 6.51-53 te papa Zeraja, Zeraja te papa Merajòt, 7Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub, 8Akitoub #2 Sam 8.17; 15.27 te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz, 9Akimaz te papa Azarya, Azarya te papa Joanan, 10Joanan #1 Wa 6.1; 2 Kwo 3.1 te papa Azarya. Se li menm Azarya ki te sèvi prèt nan tanp Salomon te bati lavil Jerizalèm lan. 11Azarya #Esd 7.1-3 te #2 Kwo 19.11 papa Amarya, Amarya te papa Achitoub, 12Achitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Chaloum, 13Chaloum #2 Wa 22.4 te papa Ilkija, Ilkija te papa Azarya, 14Azarya #2 Wa 25.18 te papa Seraja, Seraja te papa Jeosadak. 15Wa #2 Wa 25.21; Esd 3.2 Nebikadneza te depòte Jeosadak ansanm ak tout moun peyi Jida ak tout moun lavil Jerizalèm yo, jan Bondye te vle l la.
Moun fanmi Levi yo
16Levi #Egz 6.16-19 te gen twa pitit gason: Gèchon, Keyat ak Merari. 17Men #1 Kwo 23.7 non pitit Gechon yo: Libni ak Chimeyi. 18Keyat #1 Kwo 23.12 te papa Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. 19Merari #1 Kwo 6.44,47; 23.21 te papa Makli ak Mouchi. Men non branch fanmi Levi yo dapre zansèt yo.
20Gèchon #1 Kwo 6.41-43 te papa Libni, Libni te papa Jakat, Jakat te papa Zima, 21Zima te papa Joak, Joak te papa Ido, Ido te papa Zerak, Zerak te papa Jeatrayi.
22Keyat #1 Kwo 6.33-38 te papa Aminadab, Aminadab te papa Kore, Kore te papa Asi. 23Asi te papa Elkana, Elkana te papa Ebyasaf, Ebyasaf te papa Asi. 24Asi te papa Tajat, Tajat te papa Ouryèl, Ouryèl te papa Ouzya, Ouzya te papa Sayil. 25Elkana te gen de pitit gason: Amasayi ak Akimòt. 26Akimòt te papa Elkana, Elkana te papa Zofayi, Zofayi te papa Naat, 27Naat te papa Eliyab, Eliyab te papa Jeworam, Jeworam te papa Elkana. Elkana te papa Samyèl. 28Samyèl #1 Sam 8.1,2 te gen de pitit gason: Jowèl, pi gran an ak Abija, dezyèm lan.
29Merari bò pa l te papa Makli, Makli te papa Libni, Libni te papa Chimeyi, Chimeyi te papa Ouza. 30Ouza te papa Chimeya, Chimeya te papa Agija, Agija te papa Asaja.
Sanba Tanp lan
31Men #2 Sam 6.17; 1 Kwo 16.1 moun David te mete pou reskonsab tout chante nan Tanp Senyè a lè y'a fin enstale Bwat Kontra a ladan l. 32Se #2 Kwo 1.3,4 yo ki te konn chante devan Tant Randevou a, jouk wa Salomon te fin bati Tanp Senyè a lavil Jerizalèm. Yo te fè travay yo yonn apre lòt dapre regleman yo te ba yo.
33Men #1 Kwo 6.22-28 non #1 Kwo 15.17,19; 16.41,42 sanba yo ak tout fanmi yo: Nan fanmi Keyat la te gen Eyman premye sanba, ki te pitit Jowèl, ki li menm te pitit Samyèl, 34ki #1 Sam 1.1 li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Jeworam, ki li menm te pitit Eliyèl, ki li menm te pitit Toak, 35ki li menm te pitit Zouf, ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Maat, ki li menm te pitit Amasayi, 36ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Jowèl, ki li menm te pitit Azarya, ki li menm te pitit Sofoni, 37ki li menm te pitit Tat, ki li menm te pitit Asi, ki li menm te pitit Ebyasaf, ki li menm te pitit Kore, 38ki li menm te pitit Jizeya, ki li menm te pitit Keyat, ki li menm te pitit Levi, ki li menm te pitit Izrayèl.
39Asaf, #1 Kwo 15.17,19; 2 Kwo 5.12; Esd 2.41; Ney 7.44 dezyèm sanba a, te kanpe sou bò dwat Eyman. Asaf te pitit Berekya, ki li menm te pitit Chimeya, 40ki li menm te pitit Mikayèl, ki li menm te pitit Baseja, ki li menm te pitit Malkija, 41ki #1 Kwo 6.20,21 li menm te pitit Etni, ki li menm te pitit Zerak, ki li menm te pitit Adaja, 42ki li menm te pitit Etan, ki li menm te pitit Zima, ki li menm te pitit Chimeyi, 43ki li menm te pitit Jakat, ki li menm te pitit Gèchon, ki li menm te pitit Levi.
44Etan ki sòti nan branch fanmi Merari a te twazyèm sanba a ki te sou bò gòch Eyman. Se pitit Kichi li te ye. Kichi sa a te pitit Abdi, ki li menm te pitit Malouk, 45ki li menm te pitit Asabija, ki li menm te pitit Amazya, ki li menm te pitit Ilkija, 46ki li menm te pitit Amasi, ki li menm te pitit Bani, ki li menm te pitit Chemè, 47ki #1 Kwo 6.16,19 li menm te pitit Mali, ki li menm te pitit Mouchi, ki li menm te pitit Merari, ki li menm te pitit Levi.
48Lòt moun branch fanmi Levi yo te gen travay pa yo nan sèvis Tanp Senyè a.
Fanmi Arawon
49Se #Egz 30.7,10; Lev 1.7,9; 4.20 Arawon ak pitit li yo ki te pou boule bèt yo te ofri sou lotèl yo te mete la pou sa, ak lansan sou lotèl lansan an. Se yo menm tou ki te reskonsab pou tout sèvis nan kay yo mete apa nèt pou Senyè a, pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la, dapre tout regleman Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay. 50Men #1 Kwo 6.4-8 fanmi Arawon yo: Arawon te papa Eleaza, Eleaza te papa Fineas, Fineas te papa Abichwa, 51Abichwa te papa Bouki, Bouki te papa Ouzi, Ouzi te papa Zeraja, 52Zeraja te papa Merajòt, Merajòt te papa Amarya, Amarya te papa Akitoub, 53Akitoub te papa Zadòk, Zadòk te papa Akimaz.
Bitasyon moun Levi yo
(Jozye 21.1-42)
54Men #Joz 21.4,10 kote fanmi Arawon yo te rete ak limit zòn ki te pou yo. Lè yo fè tiraj osò, se branch fanmi Keyat yo ki sòti an premye avèk 55Ebwon, #Joz 21.11 nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, ansanm ak tout savann pou bèt yo. 56Yo #Joz 14.13; 15.13; 21.12 bay Kalèb, pitit Jefoune a, tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo. 57Men #Joz 21.13-19 lavil yo te bay moun branch fanmi Arawon yo: Ebwon ansanm ak tout savann pou bèt yo, Libna ak tout savann pou bèt yo, Jati ak tout savann pou bèt yo, Estemoa ak tout savann pou bèt yo, 58Ilenn ak tout savann pou bèt yo, Debi ak tout savann pou bèt yo, 59Achan ak tout savann pou bèt yo, Bètchemèch ak tout savann pou bèt yo. 60Nan pòsyon tè moun branch fanmi Benjamen yo, yo ba yo Geba ak tout savann pou bèt yo, Alemèt ak tout savann pou bèt yo, Anatòt ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè antou trèz lavil pou yo te separe bay chak fanmi pa yo apa. 61Yo #Joz 21.5; 1 Kwo 6.66-70 pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, pou branch fanmi Dann lan ak pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, yo bay rès moun nan fanmi Keyat la.
62Trèz #1 Kwo 6.71-76 lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Nèftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase nan peyi Bazan an te sòti pou branch fanmi Gèchon yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa. 63Konsa #Joz 21.7; 1 Kwo 6.77-81 tou, douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Riben, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon sòti pou branch fanmi Merari yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa. 64Se #Joz 21.3 konsa moun pèp Izrayèl yo bay moun Levi yo lavil sa yo pou yo rete ansanm ak tout savann pou bèt yo. 65Yo #1 Kwo 6.57-60 te tire osò tou pou yo ba yo lavil nan pòsyon tè branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen, jan nou sot nonmen yo a.
66Gen #Joz 21.20-26 kèk fanmi nan branch Keyat la ki te jwenn lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim lan. 67Yo ba yo tou lavil Sichèm, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon an, ansanm ak tout savann pou bèt yo nan mòn Efrayim lan, Gezè ansanm ak tout savann pou bèt yo, 68Yokmeam ak tout savann pou bèt yo, Bètowon ak tout savann pou bèt yo, 69Ajalon ak tout savann pou bèt yo, 70Gat-Rimon ak tout savann pou bèt yo. Nan pòsyon tè ki pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, sou bò solèy kouche, yo ba yo Tanak ak tout savann pou bèt yo, Jibleam ak tout savann pou bèt yo. Tou sa pou rès fanmi nan branch Keyat la.
71Nan #Joz 21.27-33 pòsyon tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a sou bò solèy leve, yo bay moun fanmi Gèchon yo lavil Golan nan peyi Bazan ak tout savann pou bèt yo, lavil Astawòt ak tout savann pou bèt yo. 72Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka a, yo ba yo Kadès ak tout savann pou bèt yo, Dobera ak tout savann pou bèt yo, 73Ramòt ak tout savann pou bèt yo, Anèm ak tout savann pou bèt yo. 74Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a, yo ba yo Machal ak tout savann pou bèt yo, Abdon ak tout savann pou bèt yo, 75Oukòk ak tout savann pou bèt yo, Reyòb ak tout savann pou bèt yo. 76Nan pòsyon tè pou branch fanmi Neftali a, yo ba yo Kadès nan peyi Galile ak tout savann pou bèt yo, Amon ak tout savann pou bèt yo, Kiriyatayim ak tout savann pou bèt yo.
77Nan #Joz 21.34-39 pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an, yo bay Rimono ak tout savann pou bèt yo, Tabò ak tout savann pou bèt yo pou rès moun nan branch fanmi Merari a.
78Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Riben lan, sou bò solèy leve larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, yo ba yo Bezè nan dezè a ak tout savann pou bèt yo, Jaza ak tout savann pou bèt yo, 79Kedemòt ak tout savann pou bèt yo, Mefat ak tout savann pou bèt yo.
80Nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la, yo ba yo Ramòt nan peyi Galarad ak tout savann pou bèt yo, Manayim ak tout savann pou bèt yo, 81Esbon ak tout savann pou bèt yo, Jazè ak tout savann pou bèt yo.

Chwazi Kounye ya:

1 Kwonik 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte