1 Kwonik 7

7
Fanmi Isaka
1Isaka te gen kat pitit gason: Tola, Fwa, #Jen 46.13; Nonb 26.23-25 Yachoub ak Chimwon. 2Tola #2 Sam 24.1,2,9 te gen sis pitit gason: Ouzi, Refaja, Jeryèl, Jakmayi, Jibsam ak Samyèl. Se yo ki te chèf fanmi Tola yo. Se te yon bann vanyan sòlda brave danje. Sou reny David te gen venndemil sisan (22.600) moun nan branch fanmi sa a.
3Ouzi te gen yon sèl pitit gason: Jizrakya. Jizrakya te gen kat pitit gason: Mikayèl, Obadya, Jowèl ak Jichiya. Sa fè antou senk chèf fanmi. 4Yo te gen anpil madanm ak anpil pitit gason. Se konsa branch fanmi sa a te bay anpil gason bon pou fè lagè. Antou trannsimil (36.000).
5Lè yo konte tout branch fanmi Isaka a dapre rejis fanmi yo, yo te rive sou katrevennsètmil (87.000) gason antou, tout vanyan sòlda.
Fanmi Benjamen
6Benjamen #Jen 46.21; Nonb 26.38-41; 1 Kwo 8.1-40 te gen twa pitit gason: Bela, Bekè ak Jedyayèl. 7Bela te gen senk pitit gason: Esbon, Ouzi, Ouzyèl, Jerimòt ak Iri. Yo tout te chèf fanmi yo. Yo te vanyan sòlda. Dapre rejis fanmi yo, yo te rive gen venndemil trannkat (22.034) moun nan fanmi yo.
8Men non pitit gason Bekè yo: Zemira, Joas, Elyezè, Elyoenayi, Omri, Jeremòt, Abija, Anatòt ak Alamèt. Yo tout te pitit gason Bekè, chèf fanmi yo, tout vanyan sòlda. 9Dapre rejis fanmi yo, te gen venmil desan (20.200) gason antou sou zòd yo.
10Men pitit Jedyayèl la: Bilan. Men pitit Bilan yo: Jeouch, Benjamen, Eyoud, Kenana, Zetan, Tasis ak Akichaka. 11Yo tout te moun fanmi Jedyayèl, chèf fanmi yo ak vanyan sòlda. Yo te gen disètmil desan (17.200) gason bon pou fè lagè.
12Iri te gen de pitit gason: Choupim ak Oupim. Ouchim te pitit Ayè.
Fanmi Neftali
13Men #Jen 46.24,25; Nonb 26.48-50 pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè ak Chaloum. Yo tout te pitit pitit Bila.
Fanmi Manase
14Men #Nonb 26.29-33; Joz 17.1 pitit gason Manase te fè ak fanm kay peyi Siri a: Asriyèl ak Maki, papa Galarad. 15Maki #Nonb 27.1; 36.11; Joz 17.3 fè afè ak Maka, yon fanm nan fanmi Oupim ak Choupim. Dezyèm pitit gason Maki a te rele Zelofeyad. Zelofeyad te fè pitit fi ase. 16Maka, madanm Maki, fè yon pitit gason. Li rele l Perès. Frè Perès la te rele Serès. Serès te gen de pitit gason: Oulam ak Rekèm. 17Oulam fè yon pitit gason yo te rele Bedan. Yo tout te pitit Galarad, ki te pitit Maki, ki li menm te pitit Manase.
18#Jij 6.34 Maki a te rele Amolekèt. Li fè twa pitit gason: Ichòd, Abyezè ak Makla. 19Men pitit Chemida yo: se te Akcham, Sichèm, Liki ak Anyam.
Fanmi Efrayim
20Efrayim #Nonb 26.35 te papa Soutelak ki te papa Berèd. Berèd te papa Taka ki te papa Elada. Elada te papa Taka 21ki te papa Zabad. Zabad te papa Soutelak. Efrayim te gen de lòt pitit gason: Ezè ak Elad. Men, moun ki rete nan zòn Gad la touye yo paske yo te vin vòlò mouton yo. 22Lè sa a, Efrayim, papa yo, te pran lapenn pou yo pandan lontan. Se fanmi l yo ki vin ba l kouray. 23Apre sa, l'al kouche ak madanm li. Madanm lan vin ansent, li fè yon ti gason. Li rele li Berya, ki vle di Timizè, paske malè te tonbe sou kay la.
24Chera, pitit fi Berya a, bati Bètowon anba ak Bètowon anwo. Se li ki bati Ouzennchera tou.
25Berya te papa Refak ki te papa Rechèf. Rechèf te papa Tela ki te papa Takan. 26Takan #Nonb 1.10; 7.48 te papa Layedan ki te papa Amiyoud. Amiyoud te papa Elichama 27ki #Egz 33.11; Nonb 13.8,16 te papa Noun. Noun te papa Jozye. 28Pòsyon tè yo te ba yo pou yo te rete a se zòn lavil Betèl ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, rive lavil Naaran sou bò solèy leve, lavil Gezè ak tout ti bouk ki sou lòd li yo sou bò solèy kouche, ak zòn lavil Sichèm jouk lavil Aja ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. 29Moun #Joz 17.7,11 Manase yo te kontwole lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Tanak ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Megido ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, ak lavil Dò ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. Se nan lavil sa yo moun branch fanmi Jozèf, pitit Jakòb la, t'ap viv.
Fanmi Asè
30Asè #Jen 46.17; Nonb 26.44-46 te gen kat pitit gason: Imna, Ichva, Ichvi, Berya ak yon pitit fi ki te rele Sera. 31Berya te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. Se Malkyèl sa a ki te tabli lavil Bizayit. 32Ebè te gen twa pitit gason: Jaflè, Chomè, Otam ak yon pitit fi yon te rele Chwa. 33Jaflè te gen twa pitit gason tou: Pasak, Bimal ak Achvat. 34Chomè, frè Jaflè a, te gen twa pitit gason tou: Wogach, Wouba ak Aram. 35Otam, #7.35: Otam: Nan tèks ebre a nou jwenn Elèm. lòt frè li a, te gen kat pitit gason: Zofa, Imna, Chelèk ak Amal. 36Men pitit Zofa yo: Swa, Anefè, Chwal, Beri, Imra, 37Bezè, Wòd, Chama, Chilcha, Jitran, Bera. 38Men pitit Jezè yo: Jefounè, Pispa ak Ara. 39Men pitit Oula yo: Ara, Anyèl ak Rizya.
40Tout moun sa yo te moun branch fanmi Asè. Yo tout te chèf fanmi, vanyan sòlda, grannèg. Dapre rejis fanmi yo, te gen vennsimil (26.000) gason ki te gen laj pou fè sèvis lame, epi ki te bon pou fè lagè.

Chwazi Kounye ya:

1 Kwonik 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte