Tite 2
2
1Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a #Tit 1:9bon doktrin nan.
2Mesye nan laj avanse yo dwe #I Tim 3:2tanpere, dign, rezonab #Tit 1:13solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo #I Tim 3:11pa nan fè medizans, ni #Tit 1:13vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, #I Tim 5:14fè travay lakay yo, janti, #Ef 5:22soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
6Menm jan an, ankouraje #I Tim 5:1jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. 7Nan tout bagay, montre tèt ou kòm #I Tim 4:12yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou #II Tes 3:14sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
9Ankouraje #Ef 6:5esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon, 10pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin #Tit 1:3Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.
11Paske lagras Bondye #II Tim 1:10gen tan parèt, e #I Tim 2:4pote sali pou tout moun 12kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak #I Tim 6:9dezi mond lan pou #II Tim 3:12viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a #Tit 1:4gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14ki te #I Tim 2:6bay tèt Li pou nou, pou #Sòm 130:8rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
15Pale, #I Tim 4:13egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.
Currently Selected:
Tite 2: BSA
Highlight
Share
Copy

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in
Copyright © 2017-2023 Ron Smith