Tite 1
1
1Paul, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, e yon apot Jésus Kri, pou lafwa a sila ki te chwazi pa Bondye yo, ak #I Tim 2:4konesans verite ki #I Tim 6:3an akò avèk vi sentete a, 2nan #II Tim 1:1espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo. 3Men #I Tim 2:6nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a #Luc 1:47Bondye a, Sovè nou an, 4a Tite #II Tim 1:2vrè pitit mwen nan yon lafwa ke nou #II Pi 1:1pataje ansanm: Lagras ak lapè Bondye, Papa a, ak Kris Jésus, sovè nou an.
5Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e #Trav 14:23chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.
6Kidonk, #Tit 3:2-4si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.
7Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm #I Kor 4:1jeran zafè a Bondye, pa #II Pi 2:10awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8men #I Tim 3:2emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li, 9ki #II Tes 2:15kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.
10Paske gen anpil #Tit 1:6moun rebèl #I Tim 1:6moun k ap pale pawòl anven ak moun k ap twonpe moun, sitou sila sikonsizyon yo, 11ki dwe rete an silans paske y ap boulvèse #I Tim 5:4tout kay yo nèt, nan enstwi #I Tim 5:15bagay ke yo pa ta dwe enstwi, pou koz a kòb ki sal.
12Youn nan yo, yon pwofèt de pèp yo menm te di: #Trav 2:11“Moun Crète yo se toujou mantè yo ye, bèt mechan, parese ki manje twòp”. 13Temwayaj sa a vrè. Pou rezon sa a #I Tim 5:20repwoche yo sevèman pou yo kapab vin solid nan lafwa, 14pa nan prete atansyon a #I Tim 1:4vye istwa Jwif yo, ak kòmandman a lèzòm ki vire kite verite a.
15Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men #Wo 14:14,23pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye. 16#I Jn 2:4Yo di yo konnen Bondye, men ak zèv pa yo, yo nye Li. Konsa, yo vin detestab, dezobeyisan, e san valè pou okenn bon zèv.
Currently Selected:
Tite 1: BSA
Highlight
Share
Copy

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in
Copyright © 2017-2023 Ron Smith