Tite 3
3
1Raple yo #Wo 13:1pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, e#II Tim 2:21prè pou tout bon zèv 2pou pa di mal de pèsòn, men toujou #I Tim 3:3pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
3 #
Wo 11:30
Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan #II Tim 3:13twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
4Men lè #Wo 2:4bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5Li te sove nou, #Ef 2:9pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6#Wo 5:5ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin #Mat 25:34eritye selon esperans a lavi etènèl la.
8Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou #Tit 2:7,14angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.
9Men #II Tim 2:16evite #I Tim 1:4konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.
10Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman #II Jn 10rejte yon nonm #Wo 16:17k ap mete divizyon. 11Byen konnen ke yon moun konsa #Tit 1:14pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
12Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou #II Tim 4:9fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.
13Byen vit, voye avoka a, Zénas ak #Trav 18:24Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.
14Moun pa nou yo dwe osi aprann #Tit 3:8angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke #Mat 7:19bay fwi.
15Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou #I Tim 1:2nan lafwa yo. #Kol 4:18Ke lagras avèk nou tout.
Currently Selected:
Tite 3: BSA
Highlight
Share
Copy

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in
Copyright © 2017-2023 Ron Smith