YouVersion Logo
Search Icon

Luc 2

2
1Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan #Mat 22:17César Auguste, ke yon #Mat 4:24resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete. 2Sa se te premye resansman global ki te fèt pandan Quirinius te gouvènè a Syrie. 3Tout moun te kòmanse anrejistre pou resansman an, chak moun nan pwòp vil pa li.
4Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke #Luc 1:27li te sòti nan kay ak fanmi a David, 5pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.
6Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche. 7Li te #Mat 1:25bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.
8Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.
9Konsa yon #Luc 1:11zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz. 10Men zanj yo te di yo: #Mat 14:27“Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. 11Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon #Mat 1:21Sovè, ki se Kris la, Senyè a. 12#I Sam 2:34Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”
13Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:
14 # Mat 21:9 “Glwa a Bondye nan pi wo a,
e sou latè a, lapè pami lèzòm
ki fè L kontan yo.”
15Li te rive ke lè zanj yo te kite yo pou retounen nan syèl, ke bèje yo te kòmanse di youn ak lòt: “Alò, annou ale toudwat Bethléhem pou wè bagay sa a ke Bondye fè nou konprann nan.”
16Yo te fè vit pou rive e te twouve chemen pou rive kote Marie avèk Joseph, avèk pitit ki te kouche nan manjwa a. 17Alò, lè yo te wè sa, yo te fè konnen pawòl ki te livre a yo konsènan pitit sila a. 18Tout moun ki te tande sa te etone de bagay ke bèje yo t ap di yo.
19Men Marie te #Luc 2:51kache tout sa pou sonje l, e li te reflechi sou yo nan kè li.
20Bèje yo te retounen e yo #Mat 9:8t ap bay Bondye glwa avèk lwanj pou tout sa ke yo te tande e wè, jan ke li te pale a yo menm nan.
21#Jen 17:12uit jou te fin pase avan sikonsizyon Li te fèt, yo te bay Li non Jésus, menm non ki te bay pa zanj yo avan Li te plase nan vant lan.
22 # Lev 12:6-8 Lè jou pou yo vin pirifye yo te rive selon Lalwa Moïse la, yo te mennen Li Jérusalem pou prezante Li devan Senyè a. 23(Jan li ekri nan Lalwa Senyè a: #Egz 13:2,12“Tout mal ki premye ouvri vant lan va rele sen a Bondye”), 24epi pou ofri yon sakrifis selon sa ki te pale nan Lalwa Senyè a, #Lev 5:11“yon pè toutrèl, oswa, de jenn pijon.”
25Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap #Mc 15:43chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li. 26Li te revele a li menm ke li pa t ap #Sòm 89:48wè lanmò avan ke li te wè Kris a Senyè a. 27Konsa, li te nan Lespri a lè l te antre nan tanp lan nan menm lè paran Jésus yo te pote pitit la, #Luc 2:22pou akonpli pou Li koutim Lalwa a. 28Epi li te ranmase li nan bwa li. Li te beni Bondye, e te di:
29“Koulye a Senyè, W ap kite sèvitè Ou a
# Luc 2:26 pati anpè selon pawòl Ou.
30Paske zye m gen tan #Sòm 119:166-174wè delivrans Ou,
31ke ou prepare devan tout nasyon yo;
32“yon limyè revelasyon pou payen yo,
epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”
33Papa L avèk #Mat 12:46manman L te etone de bagay ke yo t ap di sou Li yo.
34Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou #Mat 21:44tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon. 35Yon nepe va travèse menm nanm pa ou, jiskaske panse a kè anpil moun kapab vin revele.”
36Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan #Jos 19:24tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li #I Tim 5:9te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la, 37answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan #Luc 5:33jèn ak lapriyè. 38Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap #Luc 1:68chache redanmsyon Jérusalem nan.
39Lè yo te fin acheve tout bagay selon Lalwa Senyè a, yo te retounen Galilée, nan #Mat 2:23pwòp vil pa yo, nan Nazareth.
40 # Luc 1:80 Pitit la te kontinye grandi, e Li t ap vin fò. Li te ogmante nan sajès, e gras Bondye te sou Li.
41Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan #Egz 12:11fèt Pak Jwif la.
42Lè L te vin gen douz ane, yo te monte la selon koutim fèt la. 43Pandan yo t ap retounen, apre #Egz 12:15tout jou yo te pase, jenn gason an, Jésus te rete dèyè nan Jérusalem. Men paran Li yo pa t konnen sa. 44Yo te sipoze ke Li te pami lòt moun yo. Yo te vwayaje pandan yon jou, e yo te kòmanse ap chache Li pami manm fanmi avèk zanmi yo.
45Lè yo pa t twouve Li, yo te retounen Jérusalem pou chache Li. 46Konsa apre twa jou, yo te twouve Li nan tanp lan. Li t ap chita pami mèt yo, pou tande yo, e poze yo kesyon. 47Tout sila ki te tande Li yo #Mat 7:28te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.
48Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: “Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, #Luc 2:49papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou.”
49Li te di yo: “Poukisa nou t ap chache mwen? Èske nou pa t konnen ke M #Jn 4:34te oblije lakay Papa M?” 50Men #Mc 9:32yo pa t konprann pawòl ke Li te di yo a.
51Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan #Luc 2:3Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L #Luc 2:19te gade tout bagay sa yo nan kè l.
52Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan #Luc 2:40gras avèk Bondye e avèk lèzòm.

Currently Selected:

Luc 2: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in