YouVersion Logo
Search Icon

Luc 3

3
1Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan #Mat 27:2Ponce Pilate te Gouvènè Juda, #Mat 14:1Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène, 2nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, #Mat 3:1-10pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.
3Konsa, li te vini nan #Mat 3:5tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo. 4Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la:
“Lavwa a yon moun#És 40:3 k ap kriye nan dezè a,
‘Prepare chemen SENYÈ a,
Fè wout Li yo dwat,
5 # És 40:4 Chak vale va ranpli,
E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese.
Kwochi yo a va vin drese,
E move wout yo va vin swa.
6 # És 40:5 Tout chè va wè delivrans Bondye a.’”
7Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: #Mat 12:34“Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an? 8Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: #Jn 8:33‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo. 9Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak #Mat 7:9bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”
10Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: #Luc 3:12,14“Alò, kisa pou nou ta fè?”
11Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan #És 58:7pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”
12Anplis, #Luc 7:29ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”
13Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”
14Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?
Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni #Egz 20:16fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”
15Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, #Jn 1:19pou konprann si se Kris la ke li te ye, 16#Mat 3:11-12Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife. 17Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk #Mc 9:43-48dife ki pa kapab etenn.”
18Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la.
19Men lè l te bay #Mat 14:3Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo, 20Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin #Jn 3:24mete Jean nan prizon.
21 # Mat 3:13-17 Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri, 22e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: #Sòm 2:7 “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”
23 # Mat 4:17 Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli, 24fis a Matthat, fis a Lévi, fis a Melchi, fis a Jannaï, fis a Joseph, 25fis a Mattathias, fis a Amos, fis a Nahum, fis a Esli, fis a Naggaï, 26fis a Maath, fis a Mattathias, fis a Sémeï, fis a Joseph, fis a Joda, 27fis a Joanan, fis a Rhésa, #Mat 1:12fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri, 28fis a Melchi, fis a Addi, fis a Kosam, fis a Elmadam, fis a Er, 29fis a Jésus, fis a Éliézer, fis a Jorim, fis a Matthat, fis a Lévi 30fis a Siméon, fis a Juda, fis a Joseph, fis a Jonam, fis a Éliakim, 31fis a Méléa, fis a Menna, fis a Mattatha, fis a Nathan, fis a David, 32#Mat 1:16fis a Isaï, fis a Jobed, fis a Booz, fis a Salmon, fis a Naason, 33fis a Aminadab, fis a Admin, fis a Arni, fis a Esrom, fis a Pharès, fis a Juda 34fis a Jacob, fis a Isaac #Jen 11:26-30fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor, 35fis a Seruch, fis a Ragau, fis a Phalek, fis a Éber, fis a Sala, 36fis a Kaínam, fis a Arphaxad, fis a Sem, #Jen 5:3-32fis a Noé, fis a Lamech, 37fis a Mathusala, fis a Énoch, fis a Jared, fis a Maléléel, fis a Kaïnan, 38fis a Énos, fis a Seth, fis a Adam, fis a Bondye.

Currently Selected:

Luc 3: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in