YouVersion Logo
Search Icon

Luc 4

4
1 # Mat 4:1-11 Jésus, ranpli avèk Lespri Sen an, te retounen soti nan Jourdain an. Li te mennen pa Lespri a nan dezè a 2pandan #Egz 34:28karant jou, e Li te vin tante pa dyab la. Li pa t manje anyen pandan jou sa yo, epi lè jou yo te fini, Li te vin grangou.
3Konsa, dyab la te di L: “Si Ou se fis Bondye a, kòmande wòch sila a vin pen.”
4Jésus te reponn li: “Li ekri. #Det 8:3‘Lòm pa viv sèlman sou pen.’”
5 # Mat 4:8-10 Konsa, li te mennen Li monte, e te montre Li tout wayòm latè yo nan yon enstan de tan. 6Dyab la te di Li: “Mwen va bay Ou tout domenn sila a avèk glwa li, #I Jn 5:9paske li livre nan men m, e mwen ap bay li a sila a ke m pito. 7Konsa, si Ou pwostène devan m, tout li ap vini pou Ou.”
8Jésus te reponn. Li te di l konsa: “Sa ekri #Det 6:13‘Ou va adore Senyè a Bondye ou a, e sèvi Li menm sèlman.’”
9 # Mat 4:5-7 Ankò li te mennen Li Jérusalem. Li te fè L kanpe sou pwent twati tanp lan, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, voye kò Ou anba soti isit la, 10paske sa ekri:
‘Li va bay zanj Li yo chaj de ou pou pwoteje ou,’
11epi nan men pa yo, yo va kenbe ou,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.’”
12Konsa, Jésus te reponn li, e te di: “Li kon di; #Det 6:16 ‘Nou pa pou pase Senyè a, Bondye nou nan eprèv.’”
13Lè dyab la te fin fè tout tantasyon yo, li te kite Li jiska yon moman konvenab.
14 # Mat 4:12 Jésus te retounen Galilée anba pouvwa Lespri a. #Mat 9:26Nouvèl Li te gaye toupatou nan tout andwa ki antoure distri yo. 15Li te kòmanse #Mat 4:23enstwi nan sinagòg yo, e te resevwa lwanj a tout moun.
16Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, #Mat 13:54Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li. 17Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri:
18 # És 61:1 “Lespri Senyè a sou Mwen,
paske Li te onksyone M pou preche
bòn nouvèl la a malere yo.
Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,
pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.
19 Pou pwoklame # És 61:1 ane favorab a Senyè a.”
20Li te #Luc 4:17fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li. 21Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”
22Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: #Mat 13:55“Se pa fis a Joseph la?”
23Li te di yo: “San dout nou va repete pwovèb sila pou Mwen: ‘Doktè, geri pwòp tèt Ou!’ Sa ke nou tande ke Ou te fè nan #Mat 4:13Capernaüm, fè l isit la lakay Ou tou.’”
24Konsa, Li te di: “Anverite Mwen di nou, #Mat 13:57nanpwen pwofèt ki byen resevwa nan pwòp vil li. 25Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël #I Wa 17:1nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a. 26Malgre sa, Élie pa t voye a okenn nan yo, men sèlman a#I Wa 17:9Sarepta, nan peyi Sidon, a yon fanm ki te yon vèv. 27Epi te gen anpil lèp an Israël nan tan pwofèt Élie a, men okenn pa t pirifye, men #II Wa 5:1-14sèlman Naaman, yon Siryen.”
28Konsa, tout sinagòg la te anraje lè yo te tande bagay sa yo; 29Yo te soulve, yo te #Nonb 15:35pouse bourade Li deyò vil la, e te mennen Li nan 30do ti mòn a kote vil yo te bati, pou yo ta kapab jete L anba nan falèz la. Men Li te #Jn 10:39pase nan mitan yo, e Li te al fè wout Li.
31Konsa, #Mc 1:21-28Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a. 32Yo te etone de enstriksyon Li, paske #Luc 4:36mesaj Li yo te avèk otorite.
33Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò: 34“Kite nou pou kont nou! #Mat 8:29 Kisa nou gen avè Ou, Jésus de #Mc 1:24Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”
35Jésus te #Mat 8:26reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.
36Sezisman te pran yo tout. Yo t ap diskite youn avèk lòt e t ap di: “Ki mesaj sa a? Paske avèk otorite ak pwisans Li kòmande lespri enpi yo, e yo te sòti.” 37#Luc 4:14Nouvèl a Li menm t ap gaye toupatou nan distri ozanviwon yo.
38 # Mat 8:14-15 Konsa, Li te leve kite sinagòg la, e Li te antre lakay Simon. Alò, bèlmè Simon t ap soufri anba yon gwo lafyèv, e yo te mande Li pou ede l. 39Konsa Li te kanpe anwo li; Li te #Luc 4:35-41reprimande fyèv la. Fyèv la te kite li, epi imedyatman li te leve pou sèvi yo.
40 # Mat 8:16-17 Pandan solèy la t ap kouche, tout moun ki te gen moun malad avèk plizyè kalite maladi, te pote yo vini. Li te mete men L sou yo tout, e Li t ap geri yo. 41Anplis, dyab yo t ap sòti nan anpil moun. Yo t ap kriye e t ap di: “Ou se Fis Bondye a!” Men Li t ap reprimande yo. Li #Mat 8:16pa t kite yo pale menm, paske yo te konnen ke Li te Kris la.
42 # Mc 1:35-38 Lè jou a te rive, Li te sòti pou te ale yon kote ki pa t gen moun. Foul la t ap chache Li, e te vini kote Li. Konsa, yo te kenbe L pou anpeche Li ale.
43Men Li te di yo: “Mwen oblije preche Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou; #Mc 1:38paske Mwen te voye pou rezon sa a.” 44Konsa, Li te kontinye ap preche nan sinagòg#Mat 4:23Judée yo.

Currently Selected:

Luc 4: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in