YouVersion Logo
Search Icon

Luc 1

1
1Akoz gen anpil moun ki deja antreprann pou rasanble yon listwa de bagay ki te #Wo 4:21fèt pami nou yo, 2jis jan ke yo te lonje bay a nou menm pa men a sila yo, ki #Jn 15:27depi nan kòmansman an te wè avèk #II Pi 1:16pwòp zye yo, e kon sèvitè a pawòl la, te fè nou konnen yo. 3Sa te sanble bon pou mwen tou, akoz ke m te fè yon ankèt konplè depi nan kòmansman an, pou m ekri sa pou nou ta byen konprann jan li te rive a, #Trav 23:26chè ekselans Théophile. 4Konsa, ou ta kapab konnen verite egzakt la, selon bagay ke ou te #Trav 18:25enstwi yo.
5Nan jou Hérode yo, wa Juda a, te gen yon sèten prèt ki te rele Zacharie nan #I Kwo 24:10divizyon Abijah. Li te gen yon madanm ki soti nan fi Aaron yo, yo te rele Elizabeth. 6Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache #Fil 2:15san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a. 7Men yo pa t gen pitit, akoz Elizabeth te esteril, e yo toude te avanse nan laj.
8Alò, li vin rive ke pandan #I Kwo 24:19li t ap fè sèvis prèt la devan Bondye nan pwòp tan divizyon pa l, 9selon koutim nan pozisyon li kon prèt, li te chwazi pa tiraj osò pou #Egz 30:7antre nan tanp Senyè a pou brile lansan. 10Tout foul pèp la t ap priye #Lev 16:17deyò a nan lè ofrann lansan an.
11Konsa, #Luc 2:9yon zanj Bondye te parèt kote li, e te kanpe adwat lotèl lansan an. 12Zacharie te twouble lè l te wè li, e#Luc 2:9lakrent te sezi li.
13Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e #Luc 1:6-63ou va nonmen li Jean. 14Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.
15“Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap #Nonb 6:3bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant. 16Li va fè anpil moun nan fis Israël yo #Mat 3:2,6retounen a Senyè a, Bondye yo a. 17Se li ki va ale devan Li menm, nan lespri avèk pouvwa Élie a, #Mal 4:6pou fè kè a papa yo retounen a zanfan yo, e dezobeyisan yo a yon lespri ladwati; pou fè prepare yon pèp pou Bondye.”
18Zacharie te di a zanj lan: “Kijan m ap fè konnen sa? Paske #Jen 17:17mwen menm se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.”
19Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se #Dan 8:16Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a. 20Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.”
21Pèp la t ap tann Zacharie, e yo te etone pa reta ke li te fè nan tanp lan. 22Men lè l parèt li pa t kapab pale avèk yo. Konsa, yo te vin konprann ke se te yon vizyon ke li te fè nan tanp lan. Li te #Luc 1:62kontinye fè sign bay yo, e te rete bèbè.
23Lè jou a sèvis li kon prèt te fini, li te retounen lakay li. 24Apre jou sa yo, Elizabeth te vin ansent. Li te kache pandan senk mwa, e te di: 25“Se konsa ke Senyè a aji avè m nan jou ke Li te voye gras Li sou mwen, e Li te #Jen 30:23retire wont mwen pami lèzòm”.
26Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele #Mat 2:23Nazareth, 27a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan #Mat 1:16-20desandan David yo. Vyèj la te rele Marie. 28Lè l te antre, li te di li: “Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye se avèk ou. Ou beni pami fanm yo!”
29Men Marie #Luc 1:12te twouble anpil pa pawòl sa a, e li t ap reflechi sou ki kalite salitasyon sa a te ye.
30Konsa zanj lan te di l: #Mat 14:27“Ou pa bezwen krent, Marie, paske ou gen tan twouve favè ak Bondye. 31Gade byen, ou va vin ansent. Ou va fè yon fis, e ou #És 7:14va bay li non a Jésus. 32Li va gran e Li va rele Fis a #Mc 5:7Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li #II Sam 7:12-16twòn a zansèt Li a, David. 33Li va renye sou lakay Jacob pou tout tan, #II Sam 7:13-16e wayòm Li an p ap janm fini.”
34Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”
35Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. 36Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. 37Paske #Jen 18:4anyen pa enposib avèk Bondye.”
38Marie te di li: “Men gade, sèvant-dedike a Senyè a; kite sa fèt sou mwen selon pawòl ou.” Konsa, zanj lan te kite li.
39Alò, nan moman sa a, Marie te leve. Li te sòti byen vit pou rive nan peyi kolin yo, nan yon #Jos 20:7vil yo rele Juda. 40Li te antre lakay a Zacharie, e te salye Elizabeth.
41Li te rive ke lè Elizabeth te tande salitasyon Marie a, pitit la te sote nan vant li, epi Elizabeth te #Luc 1:67ranpli avèk Lespri Sen an. 42Li te kriye fò avèk yon gran vwa e te di: “Beni se ou pami fanm yo, e beni se fwi a vant ou an! 43Kijan bagay sa a rive m, ke manman #Luc 2:11Senyè mwen an ta vin kote mwen? 44Paske gade byen, lè son a salitasyon ou an te rive nan zòrèy mwen, pitit la te sote nan vant mwen avèk jwa. 45#Luc 1:20-48Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”
46Marie te di:
# I Sam 2:1-10 “Nanm mwen #Sòm 34:21egzalte Senyè a,
47Lespri #Sòm 35:9mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.
48Paske li te gade #Sòm 138:6eta ba sèvant Li an;
paske gade byen, soti nan moman sa a
jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.
49Paske Toupwisan an
te fè gwo bagay pou mwen.
Non Li sen.
50 # Sòm 103:17 Epi mizerikòd Li sou jenerasyon
apre jenerasyon vè sila ki krent Li yo.
51 # Sòm 98:1 Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li.
Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.
52Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo,
e Li #Job 5:11egzalte sila ki enb yo.
53 # Sòm 107:9 Li ranpli sila ki grangou yo avèk bon bagay;
e Li voye rich yo ale avèk men vid.
54Li bay sekou a Israël, sèvitè Li a,
kon yon sonj mizerikòd Li,
55jan Li te pale a zansèt nou yo,
a #Jen 17:7Abraham avèk jenerasyon Li yo
jis pou tout tan”.
56Marie te rete avèk li pandan anviwon twa mwa, e te retounen lakay li. 57Alò, lè te rive pou Elizabeth akouche, e li te fè yon fis. 58Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te #Jen 19:19montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li. 59Li te vin rive ke nan #Jen 17:12uityèm jou a, yo te vini pou sikonsi pitit la, e yo t ap rele li Zacharie, non a papa li. 60Men manman li te reponn e te di: “Non anverite, men #Luc 1:13-63l ap rele Jean.” 61Yo te di li: “Nanpwen pèsòn pami fanmi ou ki rele pa non sa a.” 62Konsa, yo te #Luc 1:22fè sign a papa a, pou konnen ki non li te vle bay li. 63Li te mande yon tablo, e te ekri konsa: #Luc 1:13-60“Non li se Jean”. Yo tout te etone. 64#Luc 1:20Konsa, nan yon sèl kou bouch li te louvri, lang li te vin lache e li te kòmanse pale e bay glwa a Bondye. 65Lakrent te vin tonbe sou tout sila yo ki te rete nan landwa sila a; epi tout bagay sa yo te pale nan tout #Luc 1:39peyi kolin a Juda yo. 66Tout sila ki te tande koze sa yo te #Trav 11:21sonje sa, e te toujou mande: “Alò, kisa nou sipoze pitit sa a va devni?” Paske men Senyè a te vrèman sou li.
67Papa li, Zacharie, #Luc 1:41ranpli avèk Lespri Sen an, te pwofetize. Li te di:
68Beni se Senyè a, Bondye Israël la,
paske li vizite nou,
Li te acheve #Luc 2:38redanmsyon pou pèp Li a.
69Li te leve yon #I Sam 2:1-10kòn sali pou nou
lakay David la, sèvitè Li a.
70 # Wo 1:2 Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,
71Delivrans sou #Sòm 106:10lènmi nou yo,
ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;
72pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo,
# Sòm 105:8-42 e pou sonje akò sen Li an,
73 # Jen 22:16 Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an,
74pou pèmèt ke nou menm,
ki te delivre nan men lènmi nou yo,
ta kapab sèvi Li san krent,
75 # Ef 4:24 nan sentete ak ladwati devan Li,
pandan tout jou nou yo.
76Epi ou menm pitit, ou va rele
pwofèt a Pi Wo a;
paske ou va ale #Mal 3:1devan Senyè a,
pou prepare chemen Li an;
77pou bay pèp Li a konesans a sali a,
# Jr 31:34 pou padon peche pa yo.
78Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an,
# Mal 4:2 k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.
79 # És 9:2 Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo
ak nan lonbraj lanmò a,
pou gide pye nou nan chemen lapè a.
80 # Luc 2:40 Pitit la te kontinye grandi, e te vin fò nan lespri. Konsa, li te viv nan dezè yo jis jou li te parèt piblikman an Israël.

Currently Selected:

Luc 1: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in