YouVersion Logo
Search Icon

Osée 4

4
1Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,
paske SENYÈ a gen yon pwose kont pèp peyi a:
Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.#Os 12:2; És 59:4
2Gen joure ak madichon, vyole konfyans,
asasine moun, vòlè, fè adiltè.
Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san,
e vèse san fè san vèse plis.#Jen 4:8; Det 5:18
3Akoz sa, peyi a va #És 24:4 fè dèy.
Tout moun ki rete ladann ap megri
menm ak tout sa ki viv.
Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo,
epi pwason lanmè yo va mouri.
4Malgre sa, pa kite okenn moun pote akizasyon,
ni okenn moun vin repwoche;
paske pèp nou an se tankou sila
ki #Det 14:3,7 fè kont ak prèt yo.
5Konsa, nou va #Éz 14:3glise tonbe nan lajounen
e menm pwofèt la va glise tonbe
avèk nou nan lannwit.
Epi Mwen va detwi manman ou.
6Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans.
Akoz ou te rejte konesans,
Mwen menm tou, Mwen va rejte ou.
Ou p ap ka fè prèt pou Mwen,
akoz ou te bliye lalwa Bondye.
Konsa, Mwen menm tou,
Mwen ap bliye pitit nou yo.
7Plis ke yo te miltipliye,
plis ke yo te peche kont mwen.
Mwen va #Hab 2:16 fè glwa yo vin chanje an wont.
8Yo manje sou peche a pèp Mwen an,
e yo #És 56:11 dirije volonte yo vè inikite yo.
9Se konsa sa va ye: jan pèp la ye a,
se konsa prèt la ye.
Akoz sa, Mwen va pini yo pou chemen yo,
e Mwen va rekonpanse yo pou zak yo.#Os 8:13
10Yo va manje, men yo p ap gen ase.
Yo va #Os 7:4 fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante,
akoz yo #Os 9:1 sispann koute SENYÈ a.
11Lavi pwostitisyon, #Pwov 20:1diven,
ak diven nèf retire bon konprann.
12Pèp mwen an #És 44:19 mande konsèy
a zidòl ki fèt ak bwa yo.
Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo;
yo te enfidèl a Bondye yo a.
13Yo ofri sakrifis sou #Jr 3:6 tèt mòn yo,
e yo brile lansan sou kolin yo.
# És 1:29 Anba pye bwadchèn yo,
pye sikrèn ak pye mapou yo;
akoz lonbraj yo dous.
Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon
e madanm nou yo fè adiltè.
14Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon,
ni madanm nou yo lè yo fè adiltè.
Paske, mesye yo, yo menm,
ale sou kote ak #Det 23:17pwostitiye yo,
e fè sakrifis yo ak pwostitiye tanp yo.
Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt.
15Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an,
men ou pa kite Juda vin koupab;
pa monte vè Guilgal,
ni monte nan Beth-Aven,
ni #Jr 5:2 sèmante: “Jan Bondye vivan an!”
16Paske Israël fè tèt li di,
tankou yon gazèl ak tèt rèd.
Èske SENYÈ a, koulye a, kapab nouri yo
tankou jenn mouton nan yon bèl chan?#És 5:17
17Éphraïm vin jwenn ak #Os 13:2zidòl yo.
Kite li pou kont li.
18Bwason yo vin gen gou si.
Yo jwe pwostitiye tout tan.
Chèf yo vrèman renmen wont yo.#Mi 3:11
19 # Os 12:1 Van an te vlope li nan zèl li yo;
yo va wont akoz sakrifis yo fè.

Currently Selected:

Osée 4: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in