YouVersion Logo
Search Icon

Osée 5

5
1Tande bagay sa a, O prèt yo!
Prete zòrèy ou O lakay Israël!
Koute byen, O lakay wa a!
Paske jijman an se pou ou,
paske ou te yon pèlen nan Mitspa
e yon Filè ouvri sou Thabor.#Os 9:8
2 # Os 9:15 Rebèl yo #És 29:15desann fon nan fè masak;
men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.
3Mwen #Am 3:2konnen Éphraïm
e Israël pa kache devan M;
paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye.
Israël te souye tèt li.
4Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a,
paske, yon #Os 4:12lespri pwostitisyon rete anndan yo.
Yo #Os 4:6,14 pa konnen SENYÈ a.
5Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li.
Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo.
Anplis, #Éz 23:31-35 Juda va tonbe avèk yo.
6Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo
pou y al chache SENYÈ a,
men yo #Pwov 1:28p ap jwenn Li.
Li te #Éz 8:6 retire tèt Li kite yo.
7Yo te #És 48:8aji an trèt kont SENYÈ a,
paske yo te fè pitit ilejitim.
Koulye a nouvèl lin nan
va devore yo menm ak chan yo.
8 # Jl 2:1 “Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a.
Sone alam Beth-Aven nan:
# Jij 5:14 Dèyè ou, Benjamin!
9Éphraïm va vin yon kote dezole nan #És 37:3jou repwòch la;
Pami tribi Israël yo, Mwen #És 46:10deklare sa ki va rive.
10Prens a Juda yo te vin tankou sila ki #Det 19:14deplase Bòn yo;
Sou yo, Mwen va vide tout
chalè kòlè Mwen an tankou dlo.
11Éphraïm vin oprime,
Li vin kraze nan jijman an,
# Mi 6:16 akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.
12Akoz sa, mwen vin tankou
yon papiyon twal pou Éphraïm
e tankou pouriti pou lakay Juda.#Sòm 39:11
13“Lè Éphraïm te wè maladi li a,
e Juda, jan li te blese a;
alò, Éphraïm te ale kote Assyrie.
Li te voye kote Wa Jareb.
Men li p ap ka geri w,
ni li p ap ka fè geri maleng ou an.#Os 7:11; Os 10:6
14Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm,
e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda.
# Sòm 50:22 Mwen menm, Mwen va chire an mòso
e Mwen va ale.
Mwen va pote ale, e #Mi 5:8 p ap gen
moun ki pou delivre.
15Mwen va ale retounen nan plas Mwen,
jiskaske yo vin #És 64:7rekonèt koupabilite yo,
pou chache fas Mwen.
Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”

Currently Selected:

Osée 5: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in