YouVersion Logo
Search Icon

Osée 3

3
1Alò, SENYÈ a te di mwen: “Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan #Jr 3:20 ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire vè lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo.”
2Konsa, mwen te #Rt 4:10 achte fanm nan pou yon sòm a kenz pyès ajan ak yon omè edmi lòj. 3Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.” #Det 21:13
4Paske, fis Israël yo va #Os 10:3rete pandan anpil jou san wa ni prens, san #Dan 9:27 sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo. 5Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak #Jr 30:9 David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo.

Currently Selected:

Osée 3: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in