YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 95

95
SÒM 95 (94)
Chante pou fè lwanj Bondye
1Vini #Sòm 66.1; 89.26 non, ann fè kè nou kontan,
ann chante pou Senyè a!
Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an,
pou moun k'ap delivre nou an!
2Ann parèt devan li pou nou di l mèsi!
Ann chante yon chante pou fè lwanj li!
3Paske, #2 Kwo 2.5; Sòm 135.5 Senyè a se yon Bondye ki gen pouvwa,
se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.
4Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l.
Se pou li tout tèt mòn yo ye tou.
5Se #Jen 1.9,10; Jo 1.9 pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l,
latè a tou, paske se li ki ba l fòm ak men l.
6Vini #Det 32.6; 2 Kwo 6.13; Jòb 35.10; Eza 51.13; Da 6.10; Lik 22.41 non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li!
Ann tonbe ajenou devan Senyè ki kreye nou an!
7Se #Sòm 48.14; 74.1 li #Eb 3.7-11 ki Bondye nou,
se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li.
Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou:
8— Pa #Egz 9.34; 17.2-7; Nonb 20.2-13; 1 Sam 6.6 kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l
lè yo te bò sous dlo Meriba a,
tankou yo te fè l jou sa a nan dezè a bò Masa.
9#Sòm 78.18; 1 Kor 10.9 sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m,
malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo.
10Pandan #Nonb 14.33,34; Tra 13.18; Eb 3.17 karantan, ras moun sa yo ban m degoutans.
Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo.
Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.
11Se #Det 1.34,35; 12.9; Eb 3.18; 4.3,5 sa k fè, lè m te ankòlè a,
mwen sèmante yo p'ap mete pye yo
kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.

Currently Selected:

Sòm 95: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy