YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 96

96
SÒM 96 (95)
Bondye sèl wa
(1 Kwonik 16.23-33)
1Chante #1 Kwo 16.23-33 yon #Sòm 33.3; 98.1 chante tou nèf pou Senyè a!
Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a!
2Chante #Eza 52.7 pou Senyè a, fè lwanj li!
Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
3Fè nasyon yo konnen pouvwa li.
Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
4Senyè a #Sòm 48.1; 95.3 gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre.
Se pou moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.
5Bondye #Jen 1.1; Sòm 115.4; Eza 42.5; Jer 10.12; Aba 2.18-20; Tra 19.26 lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye.
Men, se Senyè a ki fè syèl la.
6Devan li se respè, se chapo ba.
Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a!
7Nou #Sòm 22.27; 29.1,2; 114.7 tout pèp ki sou latè, fè lwanj Senyè a!
Fè lwanj Senyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
8Fè lwanj li paske li merite sa!
Pote ofrann ba li anndan lakay li!
9Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a!
Nou tout ki sou latè, tranble devan li.
10Mache #Sòm 9.8; 93.1 di nan tout peyi yo: Se Senyè a ki sèl wa.
Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l.
L'ap jije tout moun san patipri.
11Se #Sòm 69.34; 97.1; 98.7 pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt.
Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l pran fè bri sitèlman yo kontan.
12Se #Eza 35.1; 55.12 pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt.
Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan,
13#Eza 11.1-5 Senyè a parèt. Paske, l'ap vini.
L'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè.
L'ap jije tout moun san patipri.
L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.

Currently Selected:

Sòm 96: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in