YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 94

94
SÒM 94 (93)
Bondye ap jije tout moun
1Senyè, #Det 32.35; Eza 35.4; Wòm 12.19 ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan,
parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye. #94.1: parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye: Tèks ebre a bay: ou te fè yo wè ki moun ou ye.
2Ou #Sòm 7.6; 58.11 menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non!
Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite!
3Kilè #Jòb 20.5; Rev 6.10 mechan yo va sispann fè fèt?
Wi, Senyè, kilè y'a sispann?
4Kilè #1 Sam 2.3; Jid 15 moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè?
Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè?
5Senyè, #Eza 3.15 y'ap kraze pèp ou a,
y'ap peze moun pa ou yo.
6Y'ap #Eza 10.2 koupe kou vèv yo,
y'ap koupe kou timoun ki san papa yo,
y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a.
7#Jòb 22.13 konsa yo di: Senyè a pa wè nou!
Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa!
8Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non!
Bann moun fou, kilè n'a konprann?
9Bondye #Egz 4.11; Pwo 20.12 ki bay zòrèy, ki jan pou l pa ta ka tande?
Bondye ki fè je, ki jan pou l pa ta ka wè?
10Li menm #Jòb 35.11; Eza 28.26 ki reskonsab tout nasyon yo,
ki jan pou l pa ta ka pini yo?
Li menm k'ap bay moun tout kalite konesans,
ki jan pou l pa ta ka konnen?
11Senyè a #1 Kor 3.20 konnen lide lèzòm gen nan tèt yo.
Li konnen sa pa vo anyen.
12Ala #Jòb 5.17; Pwo 3.11,12 bon sa bon, Senyè, lè w'ap korije yon moun,
pou fè l konnen sa ki nan lalwa ou,
13pou l #Jòb 34.29 ka rete ak kè poze lè jou malè a rive,
jouk y'a fouye twou pou antere mechan an.
14Senyè a #Det 32.9; 1 Sam 12.22; 1 Wa 6.13; Wòm 11.2 p'ap voye pèp li a jete,
li p'ap vire do bay moun ki pou li yo.
15#1 Wa 14.8 sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal,
tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa.
16Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo?
Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo?
17Si #Sòm 124.1,2 se pat Senyè a ki te sekou mwen,
gen lontan depi mwen ta mouri.
18Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi!
Se ou menm, Senyè, ki soutni m paske ou gen bon kè.
19Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè,
se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.
20Eske #Eza 10.1; 2 Kor 6.14 ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo,
k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa?
21Y'ap #Pwo 17.15; Mat 27.4 fè konplo sou moun ki mache dwat yo,
y'ap kondannen inonsan yo amò.
22Men, #Sòm 9.9; 14.6; 18.2 Senyè a se tout defans mwen.
Bondye mwen, se twou wòch kote m jwenn pwoteksyon.
23L'ap #Sòm 7.16 fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo,
l'ap fè peche yo a touye yo.
Senyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo.

Currently Selected:

Sòm 94: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy