YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 84

84
SÒM 84 (83)
M'anvi al nan Tanp Bondye a
(1) Pou #Sòm 43.3 chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo.
1(2) Ala #Sòm 27.4; 42.1,2; 63.1 bèl kay ou a bèl, Senyè ki gen tout pouvwa!
2(3) Jan #Sòm 5.2 mwen anvi wè kay Senyè a sa!
M'ap deperi sitèlman manvi al lakay Senyè a.
M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.
3(4) Menm #Sòm 42.5,11; 65.4 ti zwazo jwenn kote pou yo rete,
menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo:
Se toupre lotèl ou yo, Senyè ki gen tout pouvwa,
ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen!
4(5) Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo!
Yo toujou ap fè lwanj ou.
5(6) Ala #Eze 34.26 bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou,
pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an! #84.5: pou moun ki fè lide ale sou mòn Siyon an: Men yon lòt jan nou ta ka di l: pou moun ki jwenn chemen tou trase nan kè yo.
6(7) Lè #Sòm 42.2; Pwo 4.18; Eza 40.31; 2 Kor 3.18 y'ap pase nan mitan Fon Sèk la,
yo fè l tounen yon kote ki plen sous dlo.
Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl.
7(8) Plis #Sòm 59.5 y'ap mache, se plis y'ap gen fòs.
Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an.
8(9) Senyè, #Sòm 3.3 Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen.
Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m.
9(10) Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou,
voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an!
10(11) Yon #Sòm 15.2; 34.9,10; Pwo 2.7; Eza 60.19,20; Mal 4.2; Rev 21.11,23 jou pase anndan lakay ou
pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote.
Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a
pase pou m ta rete anndan kay mechan yo.
11(12) Paske, #Sòm 2.12 se Senyè a ki tout defans mwen,
se li menm k'ap pwoteje nou.
L'ap ban nou favè li,
l'ap fè yo respekte nou.
Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch,
Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.
12(13) Bondye ki gen tout pouvwa,
ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!

Currently Selected:

Sòm 84: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in