YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 85

85
SÒM 85 (84)
Lapriyè pou mande pitye pou peyi a
(1) Pou #Sòm 14.7 chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo.
1(2) Senyè, #Sòm 32.1; 78.38; Jo 3.9 ou te bon pou peyi ou la!
Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!
2(3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal,
ou te efase tout peche yo.
3(4) Ou #Sòm 80.3 pat fache sou yo ankò!
Ou te sispann fè kòlè sou yo!
4(5) Mete #Sòm 79.5 nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou!
Ou pa bezwen fache sou nou ankò!
5(6) Eske #Sòm 71.20; 90.14 w'ap toujou rete fache sou nou?
Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?
6(7) Eske ou p'ap ban nou lavi ankò,
pou pèp ou ka fè fèt pou ou?
7(8) Senyè, #Aba 2.1; Zak 9.10; 2 Pyè 2.21 fè nou wè jan ou renmen nou!
Delivre nou non!
8(9) M'ap #Eza 46.13; Zak 2.5 koute sa Senyè, Bondye a, ap di:
Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l fèm yo,
li pwomèt pou l fè yo viv ak kè poze,
depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò. #85.8: depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò: Osinon depi yo tounen vin jwenn li ak tout kè yo.
9(10) Wi, #Sòm 72.3; 89.14; Eza 32.17; Mi 7.20 li pare pou l delivre moun ki gen krentif pou li,
pou l fè yo santi pouvwa li, pou l toujou la avèk yo.
10(11) Lè #Eza 45.8 sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt,
pèsonn p'ap bay lòt manti ankò.
Moun va viv byen yonn ak lòt,
pèsonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!
11(12) Sou #Sòm 67.6; 84.11; Jak 1.17 latè moun p'ap vire do bay Bondye.
Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri.
12(13) Senyè a #Eza 58.8 va fè nou jwenn tout kalite bon bagay.
Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
13(14) Moun k'ap mache dwat yo va pran devan.
Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.

Currently Selected:

Sòm 85: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy