YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 83

83
SÒM 83 (82)
Mande Bondye kraze lènmi pèp Izrayèl
(1) Chante #Sòm 28.1 sa a se yon sòm Asaf li ye.
1(2) O #Jij 8.28; Sòm 2.1 Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen!
Pa rete san ou pa di anyen, Bondye!
Pa rete konsa san ou pa fè anyen!
2(3) Men #Ney 4.8; Sòm 27.5 li! Lènmi ou yo ap revòlte.
Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!
3(4) Y'ap #Estè 3.6; Sòm 74.8; Jer 48.2 fè konplo an kachèt sou do pèp ou a,
y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo.
4(5) Yo di: — Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo,
pou pèsonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!
5(6) Yo #Jen 25.12-16; 2 Kwo 20.10 mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide:
yo dakò pou yo fè bann sou do ou.
6(7) Moun #1 Sam 4.1; 15.2 peyi Edon ansanm ak pitit pitit Ismayèl yo,
moun peyi Mowab ansanm ak pitit pitit Aga yo,
7(8) moun #Det 2.9,19; 2 Wa 15.19 peyi Gebal, moun peyi Amon ansanm ak moun peyi Amalèk yo,
moun peyi Filisti ansanm ak moun lavil Tir, yo tout yo dakò.
8(9) Moun #Nonb 31.7; Jij 4.7,15; 5.21; Eza 9.4 peyi Lasiri yo tou fè bann ak yo,
yo mete fòs yo ansanm ak pitit pitit Lòt yo.
9(10) Sa ou te fè moun peyi Madyan yo,
sa ou te fè Sizera ansanm ak Jaben nan ravin Kichon an,
se sa pou ou fè yo tou.
10(11) Ou #Jij 7.25; 8.5,21 te kraze yo nan Andò,
ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.
11(12) Sa #2 Kwo 20.11 ou te fè Orèb ak Zeèb,
se sa pou ou fè chèf lame yo tou!
Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna,
se konsa pou ou kraze chèf yo tou,
12(13) paske #Jòb 21.18; Eza 17.13 yo te di:
Ann pran peyi Bondye a pou nou.
13(14) Bondye #Det 32.22; Eza 9.18 mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon,
tankou pay van ap pote ale.
14(15) Tankou #Jòb 9.17 dife k'ap boule nan rakbwa,
tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo,
15(16) se #Sòm 35.4,26 konsa pou ou kouri dèyè yo ak gwo van tanpèt ou a.
Fè yo pè ak gwo van siklòn ou yo!
16(17) Fè yo wont, fè yo blije kache figi yo, Senyè,
pou yo ka chache konnen ou.
17(18) Se #Egz 6.3; Sòm 59.13; 97.9 pou yo wont nèt jouk yo pa konn sa pou yo fè.
Se pou yo kouri kache, se pou yo mouri.
18(19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Senyè,
se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.

Currently Selected:

Sòm 83: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in