YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 36

36
SÒM 36 (35)
Mechanste lèzòm ak renmen Bondye
(1) Pou #Wòm 3.18 chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Senyè a.
1(2) Peche a #Det 29.19 pale nan fon kè mechan an:
li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
2(3) Li #Sòm 12.2 kwè li pi bon pase sa l ye a:
konsa, li pa vle rekonèt peche l yo.
3(4) Tout #Eza 65.2; Mi 2.1 pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay.
Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen ankò.
4(5) Li #Sòm 57.10; 89.2 kouche sou kabann li, l'ap fè move plan.
Li sou yon move pant,
li dakò ak tout sa ki mal.
5(6) Senyè, #Jòb 11.8; Sòm 71.19; 92.5; 104.14,15; Wòm 11.33 ou renmen nou anpil anpil.
Ou toujou kenbe pawòl ou.
6(7) Jistis #Sòm 17.8; 31.19 ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo.
Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann.
Senyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
7(8) Bondye, #Sòm 16.11; 46.4; 65.4; Eza 25.6; Rev 22.1 ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an!
Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
8(9) Yo #Jer 2.13; Jan 1.9; 4.10,14; Tra 26.18; 1 Pyè 2.9; Rev 21.6 manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou.
Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.
9(10) Paske, #Jer 22.16 se ou menm ki sous lavi a.
Se limyè ou ki fè nou wè klè!
10(11) Toujou renmen moun ki konnen ou!
Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!
11(12) Pa #Sòm 1.5 kite awogan yo mete pye sou kou m.
Pa kite mechan yo fè m kouri.
12(13) Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non!
Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!

Currently Selected:

Sòm 36: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy