YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 37

37
SÒM 37 (36)
Kenbe fèm nan Bondye
(1a) Se #Pwo 24.1,19 yon sòm David.
1(1b) Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo!
Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!
2Talè #Sòm 90.5,6; 129.6 konsa, y'ap rache yo tankou raje.
Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.
3Mete #Sòm 62.8; Eza 26.4 konfyans ou nan Senyè a, fè sa ki byen!
Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
4Si #Jòb 22.26; Eza 58.14 se nan Senyè a ou pran tout plezi ou,
l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
5Renmèt #Sòm 22.8; 1 Pyè 5.7 kòz ou nan men Senyè a!
Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.
6L'a #Eza 58.8,10 fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè,
l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
7Rete #Sòm 62.1; 73.3; Eza 30.15; Jer 12.1 dousman devan Senyè a, pran san ou.
Tann li fè sa l gen pou l fè a.
Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen.
Lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
8Pa #Ef 4.26; Jak 1.19 fache, pa fè move san.
Ou pa bezwen ennève!
Sa kapab fè ou fè sa ki mal.
9Moun #Pwo 2.21; Eza 57.13; 60.21 ki mete konfyans yo nan Senyè a va pran peyi a pou yo.
Men, y'ap disparèt mechan yo.
10Talè #Jòb 24.24 konsa, p'ap gen mechan ankò.
W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.
11Men, #Eza 32.17; Mat 5.5 moun ki soumèt devan Bondye,
yo pral resevwa peyi a pou byen yo,
y'a viv ak kè poze nèt ale.
12Mechan #Sòm 31.13 yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo.
Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.
13Senyè a #Sòm 2.4 ap ri mechan an,
paske li konnen mechan an pa la pou lontan.
14Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo,
pou yo touye pòv yo ak malere yo,
pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo.
15Men, #1 Sam 2.4 se yo menm menm koulin yo pral rache.
Banza yo menm ap kase nan men yo.
16Pito #Pwo 15.16; 16.8; 1 Tim 6.6 ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat,
pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal.
17Paske, #Sòm 10.15; 37.24 Bondye ap kraze kouray mechan yo,
men l'ap soutni moun ki mache dwat yo.
18Senyè a #Sòm 1.6; 37.9 konnen jan moun ki fè volonte l yo ap viv.
Eritaj yo la pou tout tan.
19Yo #Jòb 5.20; Sòm 33.19 p'ap wont lè bagay gate,
y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a.
20Men #Sòm 68.2; Oze 13.3 mechan yo ap peri.
Moun ki pa vle wè Senyè a ap fennen tankou flè savann.
Y'ap disparèt tankou lafimen.
21Mechan an prete, li pa nan renmèt.
Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado.
22Moun #Sòm 37.9 Senyè a beni va pran peyi a pou yo.
Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.
23Senyè a #1 Sam 2.9; Sòm 40.2 pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen.
Li kontan wè yo mache dwat.
24Si #Pwo 24.16; Mi 7.8; 2 Kor 4.9 yo tonbe, yo p'ap rete atè a.
Paske Senyè a ap ba yo men.
25Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun,
mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat,
ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.
26Okontrè, #Det 15.8,10; Sòm 112.5,9; Mat 5.42; Lik 6.34,35 moun ki mache dwat la toujou gen kè sansib pou l bay, pou li prete moun tou.
Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.
27Pa #Sòm 34.14; 102.28 fè mal, fè sa ki byen.
W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete.
28Paske, #Sòm 11.7; 21.10; Eza 14.20 Senyè a renmen moun ki mache dwat.
Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li.
L'ap toujou pwoteje yo.
Men, ras mechan yo gen pou disparèt.
29Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo.
Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.
30Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy.
Se bon pawòl ase ki sòti nan bouch li.
31Li #Sòm 40.8; 119.11; Eza 51.7; Jer 31.33 kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li,
li p'ap janm bite.
32Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat,
l'ap chache jan pou l touye l.
33Men, #Sòm 109.31 Senyè a p'ap lage l nan men mechan an,
li p'ap kite yo kondannen l lè y'ap jije l.
34Mete #Sòm 27.14; 91.8 konfyans ou nan Senyè a, fè tou sa l mande ou fè.
L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou.
Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.
35Mwen #Jòb 5.3; 20.5; Sòm 52.8 te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li,
li te kanpe tankou yon gwo pye mapou. #37.35: tankou yon gwo pye mapou: Nan tèks ebre a mo sa yo pa klè.
36Apre sa, mwen tounen vin pase #37.36: mwen tounen vin pase: Dapre sa nou jwenn nan kèk ansyen vèsyon. Men, tèks ebre a menm bay: li tounen vin pase kote l te ye a, li pat la.
Mwen chache l, mwen pa janm wè l ankò.
37Gade #Sòm 119.165; Eza 32.17 moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l.
Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.
38Men, #Pwo 2.22 moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt.
Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou.
39Se #Sòm 3.8; 9.9; Eza 12.2 Senyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo.
L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.
40L'ap #1 Kwo 5.20; Eza 31.5; Da 3.17; Tra 12.11 pote yo sekou, l'ap delivre yo.
L'ap wete yo anba men mechan yo,
paske se anba zèl li y'al chache pwoteksyon.

Currently Selected:

Sòm 37: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy