YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 35

35
SÒM 35 (34)
Lapriyè pou mande sekou
(1a) Se #Egz 14.25; Eza 49.25 yon sòm David.
1(1b) Senyè, atake moun ki pa vle wè m yo,
goumen ak moun k'ap fè m lagè yo.
2Pran zam ou sèvi pou pare kou a,
leve non, vin pote m sekou.
3Pran fwenn ou, pran rach ou.
Atake moun k'ap pousib mwen yo.
Fè m konnen se ou menm k'ap delivre m.
4Se #Sòm 69.22-28; 109.6-15 pou #Sòm 35.26; 40.14; 70.2; 71.13 moun k'ap chache touye m yo sezi, se pou yo wont.
Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè.
Se pou yo pa ka leve tèt yo.
5Se #Jòb 21.18 pou yo tankou pay van ap pote ale,
lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo.
6Se #Sòm 73.18; Jer 23.12 pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo,
lè zanj Bondye a ap talonnen yo.
7San m pa fè yo anyen, y'ap tann pèlen pou mwen.
San m pa fè yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon
pou m ka tonbe ladan l.
8Men, #Sòm 7.15; Pwo 5.22; 1 Tes 5.3 y'ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo,
y'ap pran nan pèlen yo te tann lan,
y'ap tonbe nan twou yo te fouye a.
9Se #Sòm 9.14; Eza 61.10; Lik 1.47 konsa Senyè a pral fè kè m kontan,
m'ap kontan anpil, paske li delivre mwen.
10M'a #Sòm 51.8; 71.19; 86.8 di ak tout kè mwen:
— Senyè, pa gen tankou ou!
Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo.
Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.
11Gen #Sòm 27.12 moun k'ap kanpe bay manti sou mwen.
Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.
12Moun #Sòm 38.20; Jer 18.20 mwen fè byen se yo k'ap fè m mal.
Mwen fin dekouraje.
13#1 Wa 20.31; Jòb 30.25; Sòm 69.10,11; Mat 10.13 yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo,
mwen rete san manje.
Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,
14menm #Sòm 38.6 jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè.
M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m,
tankou yon moun ki pèdi manman l.
15Men, lè mwen menm mwen nan tray,
yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm.
Y'ap fè pil dèyè do m pou bay manti sou mwen.
Y'ap kale do m san pran souf.
16Yo #Sòm 37.12 atake m, yo pase m nan betiz. #35.16: Yo atake m, yo pase m nan betiz: Se yon ansyen vèsyon ki bay sa. Men, nan tèks ebre a nou jwenn: Yo mete ansanm ak moun k'ap joure Bondye, ak parazit k'ap pase lòt moun nan betiz.
Y'ap gade m, y'ap grinyen dan sou mwen.
17Senyè, #Sòm 22.20; Aba 1.13 pou konbe tan ankò w'a penmèt sa?
Pwoteje m non anba bèt sovay sa yo.
Sove m anba lyon sa yo.
18M'a #Sòm 22.22,25 di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini,
m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.
19Pa #Sòm 69.4; Jan 15.25 kite lènmi m yo, bann mantò sa yo,
fè fèt sou tèt mwen.
Pa kite moun sa yo ki rayi m san m pa fè yo anyen an fè siy sou mwen.
20Yo pale tankou moun k'ap chache kont.
Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun
ki pa nan kont ak pèsonn nan peyi a.
21Yo #Sòm 22.13; 70.3 louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen.
Y'ap di: Wi! Nou te wè ou!
22Men #Egz 3.7; Sòm 10.1; 28.1 ou menm, Senyè, ou wè tout bagay.
Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Senyè!
Pa rete lwen m konsa.
23Leve #Sòm 7.6; 44.23 non, Senyè, vin pran defans mwen!
Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen!
24Ou #Sòm 7.8; 35.19 pa nan patipri, Senyè. Fè m jistis.
Pa kite lènmi m yo fè fèt sou tèt mwen.
25Pa #2 Sam 17.16; Lam 2.16 kite yo di nan kè yo: Wi! se sa menm nou te vle rive li!
Pa kite yo di: Nou fini avè l!
26Tout #Jòb 8.22; 19.5; Sòm 35.4 moun ki kontan wè jan m'ap soufri a,
se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè.
Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil,
se pou yo kouri al kache!
27Se #Sòm 40.16; 70.4 pou moun ki kontan wè jan m inonsan an pran rele byen fò san rete.
Se pou yo di: Senyè a gen gwo pouvwa!
Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze.
28#Sòm 51.14; 71.24 sa a, m'a fè konnen jistis ou,
m'a fè lwanj ou tout lajounen.

Currently Selected:

Sòm 35: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy