YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 34

34
SÒM 34 (33)
Lwanj Bondye pou bon kè li
(1) Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a.
1(2) Se #Sòm 44.8; Jer 9.24; 1 Kor 1.31 tout tan m'ap di Senyè a mesi,
mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.
2(3) M'ap #Sòm 69.30; Lik 1.46 fè lwanj li pou sa li te fè.
Se pou tout moun
ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.
3(4) Mete #Sòm 18.6; Mat 7.7 tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa.
Ann fè lwanj li ansanm!
4(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen.
Li delivre m anba tout sa ki t'ap fè m pè yo.
5(6) Lè #2 Sam 22.1 nou vire je nou gade l, sa fè kè nou kontan.
Nou p'ap janm wont.
6(7) Lè #Jen 32.1,2; 2 Wa 6.17; Da 6.22; Eb 1.14 moun ki san sekou yo rele l, li reponn yo,
li delivre yo anba tout tray.
7(8) Zanj #Sòm 2.12; Eb 6.5; 1 Pyè 2.3 Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo.
Li delivre yo lè yo nan danje.
8(9) Goute, #Fil 4.19 n'a wè jan Senyè a bon!
Ala bon sa bon pou moun
ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!
9(10) Nou #Jòb 4.10,11; Sòm 84.11 tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li,
paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.
10(11) Moun #Sòm 66.16 rich konn manke manje, yo konn rete grangou.
Men, moun k'ap chache fè volonte Senyè a p'ap manke anyen.
11(12) Vini #1 Pyè 3.10-12 non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou.
M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif
pou Senyè a.
12(13) Ki #Sòm 15.3; 141.3; Jak 1.26; 1 Pyè 2.1,22; Rev 14.5 moun ki ta renmen jwi lavi?
Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?
13(14) Se #Sòm 37.27; Wòm 12.18; 14.19; 3 Jan 11 moun ki pa lage kò yo
nan pale moun mal ni nan bay manti.
14(15) Sispann #Sòm 33.18; Jan 9.31 fè sa ki mal. Fè sa ki byen!
Chache jan pou nou viv byen ak moun.
Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
15(16) Senyè a #Sòm 21.10; Jer 44.11; Am 9.4 ap veye moun ki mache dwat devan l yo.
L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l.
16(17) Men, Senyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal,
pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo.
17(18) Lè #Sòm 51.17; Eza 61.1; 66.2 moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo.
Li wete yo anba tray.
18(19) Senyè a #Sòm 34.6; Tra 12.11; 2 Tim 3.11,12 kanpe toupre moun ki dekouraje yo,
li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
19(20) Lè #Egz 12.46; Jan 19.36 yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil.
Men, Senyè a ap delivre l
anba tout soufrans li yo.
20(21) L'ap #Sòm 7.15,16; 94.23 pwoteje l nèt ale.
Pa yon ti zo nan kò l p'ap kraze.
21(22) Malè #Sòm 25.22; 103.4; Wòm 8.33,34 gen pou fini ak mechan yo.
Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.
22(23) Senyè a ap delivre moun k'ap sèvi l yo,
li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l.

Currently Selected:

Sòm 34: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy