YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 33

33
SÒM 33 (32)
Lwanj Bondye
1Nou #Sòm 32.11 tout k'ap viv jan Bondye vle l la,
fè kè nou kontan pou sa Senyè a fè.
Nou tout k'ap mache dwat devan li,
li bon pou n fè lwanj li.
2Jwe #Sòm 71.22; 144.9 enstriman mizik pou di Senyè a mèsi!
Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li.
3Chante #Sòm 40.3; Eza 42.10; Rev 5.9 yon chante tou nèf pou li.
Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò.
4Paske, pawòl Senyè a se verite.
Li fè tout bagay jan l te di l la.
5Senyè a #Sòm 11.7; 89.14; 119.64 renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri.
Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè.
6Senyè a #Jen 1.6,7; 2.1; Eza 11.4; Jan 1.1-3; Eb 11.3; 2 Pyè 3.5 pale, epi syèl la fèt.
Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.
7Li #Egz 15.8; Joz 3.13 ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote.
Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa.
8Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Senyè a.
Se pou tout moun sou latè tranble devan li.
9Paske, #Jen 1.3; Sòm 148.5 li pale, bagay la rive.
Li bay lòd, tout bagay fèt.
10Senyè a #2 Sam 15.34; 17.14; Ney 4.15; Eza 8.10; 19.3 detounen plan travay peyi yo,
li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.
11Men, #Pwo 19.21; Eza 46.10; Tra 4.27,28 plan travay Senyè a la pou tout tan.
Sa l gen lide fè a ap toujou fèt.
12Ala #Det 7.6; Sòm 144.15 bon sa bon lè yon peyi gen Senyè a pou Bondye li!
Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l pa l la!
13Senyè a #2 Kwo 16.9; Jòb 34.21; Sòm 11.4; Eb 4.13 rete nan syèl la, li gade anba,
li wè tout moun.
14Kote #1 Wa 8.39,49; Jer 32.19 li ye lakay li a, li gade anba,
li wè sa tout moun ap fè sou tè a.
15Se #Eza 64.8 li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo,
l'ap veye tou sa y'ap fè.
16Se #Sòm 44.6 pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la.
Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l yo.
17Pa #Sòm 20.7; Pwo 21.31; Oze 1.7 mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la.
Bon kou l bon, li pa ka sove pèsonn.
18Senyè a #Jòb 36.7; Sòm 34.15 ap veye sou moun ki gen krentif pou li.
L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.
19L'ap #Jòb 5.20; Sòm 37.19; Tra 12.11 rache yo anba lanmò.
L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a.
20Nou #Sòm 115.9-11; Eza 8.17 mete tout espwa nou nan Senyè a.
Se li menm ki tout sekou nou.
Se li menm ki tout pwoteksyon nou.
21Se #Zak 10.7 li ki fè kè nou kontan.
Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa.
22Tanpri, Senyè, toujou fè nou favè,
menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou.

Currently Selected:

Sòm 33: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy