YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 121

121
SÒM 121 (120)
Senyè a se tout pwoteksyon mwen
(1a) Se #Sòm 123.1; Jer 3.23 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di:
— Ki bò m'a jwenn sekou?
2Sekou #Sòm 115.15; 124.8 mwen sòti nan men Senyè a.
Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
3Li #1 Sam 2.9; Sòm 41.2; 127.1; Pwo 3.26; Eza 27.3 p'ap kite pye ou chape,
moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.
4Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la
p'ap kabicha, li p'ap dòmi.
5Se #Sòm 16.8; 91.1 Senyè a k'ap veye sou ou,
l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbray ou.
Se li ki tout pwoteksyon ou.
6Lajounen, #Eza 49.10; Rev 7.16 solèy la p'ap fè ou anyen,
lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.
7Senyè a #Sòm 91.10 ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou,
li p'ap kite anyen rive ou.
8L'ap #Det 28.6 pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti,
depi kounyeya ak pou tout tan.

Currently Selected:

Sòm 121: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy