YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 120

120
SÒM 120 (119)
Bondye, vin delivre m non
(1a) Se #Sòm 118.5; Jo 2.2 yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Lè m te nan tray, mwen te rele Senyè a,
li te reponn mwen.
2Delivre m non, Senyè,
anba moun k'ap bay manti,
anba moun k'ap twonpe moun.
3Ipokrit, #Jak 3.6 kisa ou merite Bondye fè ou?
Kisa pou li fè ou pi plis pase sa?
4Eske #Sòm 127.4; 140.10 se avèk flèch pwenti sòlda yo?
Eske se avèk chabon gayak tou limen?
5Malè #Eza 21.16; Jer 49.28; Eze 27.13,21 pou mwen, paske se tankou si m te rete nan mitan moun peyi Mechèk,
osinon nan mitan moun peyi Keda.
6Mwen rete twò lontan
ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!
7Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt,
yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

Currently Selected:

Sòm 120: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in