YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 122

122
SÒM 122 (121)
Lwanj pou lavil Jerizalèm
(1a) Se #Eza 2.3; Jer 31.6; Zak 8.21 yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm.
1(1b) Ala kontan mwen te kontan lè yo di m:
— Ann ale lakay Senyè a.
2Kounyeya, men li:
nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.
3Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati,
yon lavil kote tout bagay byen ranje.
4Se #Det 16.16 la tout branch fanmi yo ap vin sanble.
Tout branch fanmi pèp Senyè a,
se la y'ap vini pou di Senyè a mèsi,
jan li te ba yo lòd pou yo fè a.
5Se #1 Wa 3.16-28 la pitit pitit David yo rete pou yo dirije,
pou yo gouvènen pèp la.
6 # Jer 29.7; 51.50 Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò.
Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.
7Se #Sòm 48.13 pou pa gen lagè sou ranpa lavil la.
Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.
8Poutèt #1 Sam 25.6 fanmi m yo ak zanmi m yo, m'ap di:
Benediksyon Bondye sou lavil la!
9Poutèt kay Senyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la,
m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.

Currently Selected:

Sòm 122: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in