(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a. Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi. Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi. Se Senyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbray ou. Se li ki tout pwoteksyon ou. Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen. Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou. L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.
Read Sòm 121
Listen to Sòm 121
Share
Compare All Versions: Sòm 121:1-8
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos