YouVersion Logo
Search Icon

Nonb 25

25
Izrayèl nan sèvi zidòl
1Pèp Izrayèl la vin moute tant li nan tout Chitim. #Nonb 31.16; 33.49; Mi 6.5; 2 Pyè 2.15; Rev 2.14 Lè sa a, mesye yo tanmen lage kò yo nan vagabonday ak fanm peyi Mowab yo. 2Medam #Egz 34.15,16; Joz 22.17 peyi Mowab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Mowab yo. 3Se #Sòm 106.28,29 konsa pèp Izrayèl la pran sèvi Baal-Peyò. Sa te fè Senyè a ankòlè anpil sou moun pèp Izrayèl yo. 4Senyè a #Det 13.17 di Moyiz konsa:
— Pran tout chèf pèp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.
5Moyiz #Egz 18.25,26; 32.27; 1 Wa 18.40 di chèf ki te reskonsab pèp la:
— Se pou nou chak nou touye tout gason nan moun nou yo ki te al sèvi Baal-Peyò.
6Lè sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la. 7#Egz 6.25; Sòm 106.30 Fineyas, pitit Elyaza a, pitit pitit Arawon, prèt la, wè sa, li leve, li kite moun yo kote yo te reyini an, li pase men li, li pran yon fwenn. 8Li swiv nonm lan ak fanm lan anba tant lan, epi li fwennen toulede, ni nèg la ni fanm lan anbativant. Lamenm, epidemi ki t'ap ravaje pèp la sispann. 9Te #Det 4.3; 1 Kor 10.8 gen vennkatmil (24.000) moun ki te gentan mouri nan epidemi an.
10Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
11— Se #Egz 20.5; Det 32.16,21; Sòm 78.58; Sof 1.18 Fineyas, pitit Elyaza a, pitit pitit Arawon, prèt la, ki te fè mwen sispann ankòlè sou pèp la. Paske nan tout moun sa yo, se li menm ki pa te ka sipòte wè yon moun nan pèp Izrayèl la kite m' pou l'al sèvi lòt bondye. Se poutèt sa, atout mwen te jalou a, mwen pa fin touye tout pèp la nèt. 12Men #Mal 2.4,5 sa pou di Fineyas pou mwen: m'ap siyen yon kontra avèk li ki pou ba li kè poze. 13M'ap mete li, li menm ansanm ak tout ras fanmi li apre li, pou yo sèvi m' prèt pou tout tann. Paske li te fè mwen wè jan li pa te tolere moun sèvi lòt bondye pase mwen sèl. Se konsa li fè m padonnen sa pèp la te fè ki mal la.
14Nonm pèp Izrayèl ki te mouri ansanm ak fanm peyi Madyan an te rele Zimri. Se te pitit gason Salou, chèf nan branch fanmi Simeyon an. 15Fanm #Nonb 31.8 peyi Madyan yo te touye a te rele Kozbi. Se te pitit fi Sou, ki li menm te chèf yon branch nan fanmi moun Madyan yo.
16Lè sa a, Senyè a pale ak Moyiz, li di l:
17— Al atake moun Madyan yo. Bat yo byen bat. 18Paske se yo menm ki te atake anvan nan fè riz ak nou nan zafè Peyò a, fanm yo te touye lè epidemi te tonbe sou nou nan peyi Peyò a.

Currently Selected:

Nonb 25: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in