YouVersion Logo
Search Icon

Nonb 24

24
1Lè sa a, Balaram te fin konprann se yon sèl bagay Senyè a te vle, se beni pou li beni pèp Izrayèl la. Se poutèt sa, li pa fè tankou lòt fwa yo. Li pa al chache konnen sa Senyè a te vle fè l konnen an. Men, li bay fas li sou dezè a. 2Li #Nonb 2.2-31; 1 Sam 19.20,23; 2 Kwo 15.1 leve je l, epi li wè moun pèp Izrayèl yo ak tant yo byen ranje, chak branch fanmi apa. Lespri Bondye desann sou li. 3Epi li pran chante chante sa a:
— Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di:
Men pawòl k'ap sòti nan bouch moun Bondye te louvri je a,
4pawòl #1 Sam 19.24; Eze 1.28; Da 8.17; Rev 1.17 moun ki te tande sa Bondye ap di a,
pawòl moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l wè a.
Lè sa a, li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l.
5Ala bèl tant nou yo bèl, moun Jakòb yo!
Ala bèl kote nou rete a bèl, moun Izrayèl yo!
6Yo #Sòm 104.16; Jer 17.8 laji kò yo tankou dlo larivyè k'ap desann.
Yo tankou jaden k'ap pouse sou bò larivyè,
tankou yon pye lalwa Bondye li menm ta plante,
tankou yon pye sèd k'ap grandi bò kannal dlo.
7Lame #2 Sam 5.12 pèp Izrayèl la ap fè nasyon yo tranble.
Pèp Izrayèl la ap donminen sou anpil lòt pèp.
Wa li yo ap pi fò pase wa Agag,
Y'ap gouvènen sou anpil nasyon.
8Bondye te mennen yo sòti kite peyi Lejip.
Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon.
L'ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo.
L'ap kraze tout zo yo an miyèt moso.
L'ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo.
9Pèp #Jen 12.3; 27.29 Izrayèl la chita atè a, l'ap pran repo,
tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon.
Lè l'ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l?
Benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la!
Madichon pou tout moun k'ap mande madichon pou pèp Izrayèl la!
10Lè sa a, Balak fè yon sèl move sou Balaram, li frape pye l atè, li di konsa:
— Mwen te rele ou isit la pou bay lènmi m yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fè. Se beni ou beni yo pito. Sa fè twa fwa ou fè sa. 11Kounyeya, pito ou kouri al lakay ou, tande. Mwen te pwomèt pou m te fè anpil bèl bagay pou ou. Men, gade sa Senyè a fè ou: ou pèdi tout.
12Balaram reponn, li di l konsa:
— Mwen te tou pale moun ou te voye chache m yo. Mwen te di yo: 13Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen poutèt pa m ki pou fè m dezobeyi lòd Senyè a, ni an byen ni an mal. Sa Senyè a di m di, se sa ase m'ap di.
Dènye pawòl Bondye nan bouch Balaram
14Balaram di Balak ankò:
— Wi, kounyeya mwen pral lakay mwen. Men, anvan m ale, vini m di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k'ap vini yo.
15Epi Balaram pran chante chante sa a:
— Men sa, mwen menm Balaram, pitit Bèyò, m'ap di.
Men pawòl k'ap sòti nan bouch moun Bondye te louvri je li a,
16moun ki gen konesans ki soti nan Bondye nan syèl la,
moun ki te kwè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè li wè a.
Li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je li.
17Mwen #Jen 49.10; Jer 48.45; Mat 2.2; Rev 22.16 wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la.
M'ap gade sa ki pral rive l pita.
Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k'ap sòti nan fanmi Jakòb la.
Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la.
L'ap kraze chèf Mowab yo,
l'ap detwi tout pitit Sèt yo.
18Y'a #Jen 27.37; 2 Sam 8.14; Sòm 60.8,9; Am 9.12 deposede moun Edon yo.
Y'a pran peyi Seyi a nan men lènmi l yo.
Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y'ap fè mèvèy nan lagè.
19Yon gwo chèf pral sòti nan pèp Izrayèl la.
L'a gouvènen sou yo tout.
L'a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la.
20Apre #1 Sam 15.3 sa, Balaram wè moun Amalèk yo nan vizyon l lan. Li bay mesay sa a, li di konsa:
— Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil.
Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt.
21Apre sa, Balaram wè moun Kayen yo nan vizyon l lan. Li bay mesay sa a, li di konsa:
— Kote ou rete a ou byen pwoteje.
Ou ta di yon nich poze sou tèt yon gwo falèz.
22Men, wè pa wè, moun Kayen yo la pou yo fini mal.
Peyi Lasiri va depòte yo.
23Balaram pran pale ankò. Li bay mesay sa a, li di ankò:
— Kilès ki va la lè Bondye va fè tou sa?
24#Jen 10.4,21,25; Da 11.30 sa a, moun ap sòti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a.
Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn.
Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.
25Apre sa, Balaram leve, li tounen tounen l lakay li. Epi Balak al fè wout li.

Currently Selected:

Nonb 24: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in