YouVersion Logo
Search Icon

Lik 5

5
Jezi rele premye disip li yo
(Matye 4.18-22; Mak 1.16-20)
1Yon jou, Jezi te bò letan Jenezarèt. #Mat 4.18-22; Mak 1.16-20 Yon foul moun t'ap kwense li toupatou pou tande pawòl Bondye. 2Li wè de kannòt bò rivay la. Pechè yo te desann atè, yo t'ap lave senn yo. 3Jezi moute nan yonn nan kannòt yo ki te pou Simon. Li mande l pou l vanse yon ti kras nan fon. Antan Jezi chita nan kannòt la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.
4#Jan 21.6 li fin pale, li di Simon konsa:
— Vanse kannòt la plis nan fon. Jete senn ou pou peche.
5Simon reponn li:
— Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan.
6Yo lage senn lan. Yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire. 7Yo fè asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy vin ede yo. Yo vini. De kannòt yo te sitèlman plen pwason, yo te prèt pou koule. 8Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, li di l konsa:
— Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.
9Yon sèl sezisman te pran Simon ak tout mesye ki te avèk li yo lè yo wè kantite pwason yo te pran. 10Se #Mat 13.47 te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lè sa a Jezi di Simon:
— Pa pè. Depi kounyeya se moun ou pral peche.
11Yo #Mat 19.27 mennen kannòt yo atè, yo kite tout bagay, y'ale avèk Jezi.
Jezi geri nonm ki te gen lalèp la
(Matye 8.1-4; Mak 1.40-45)
12Pandan #Mat 8.1-4; Mak 1.40-45 Jezi te nan yon lavil, yon nonm ki te kouvri ak lalèp vin rive. Lè l wè Jezi, li lage kò l fas atè, li di l konsa:
— Mèt, si ou vle, ou ka geri mwen.
13Jezi lonje men l, li manyen nonm lan, li di l:
— Wi, mwen vle ou geri.
Menm lè a, lalèp la kite li. 14Jezi #Lev 13.49; 14.2-32 pase l lòd sevè sa a:
— Pa di pèsonn sa. Men, ale fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa w'a bay tout moun prèv ou geri.
15Malgre sa, nouvèl la gaye pi plis. Moun t'ap vin an foul pou tande li, pou chache gerizon nan men li. 16Men, #Mak 1.35 Jezi wete kò l, l'al yon kote ki pa gen moun menm, li t'ap lapriyè.
Jezi geri yon nonm paralize a
(Matye 9.1-8; Mak 2.1-12)
17Yon #Mat 9.1-8; Mak 2.1-12 jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kèk farizyen ak kèk dirèktè lalwa te chita la. Yo te sòti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalèm. Pouvwa Bondye te avèk Jezi, li t'ap geri malad yo.
18Se konsa, kèk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fè l antre nan kay la pou mete l devan Jezi. 19Men akòz foul moun yo, yo pa te jwenn plas pou fè li antre. Lè yo wè sa, yo moute sou do kay la, yo fè yon gwo twou, yo file malad la desann ak tout kabann li nan mitan moun yo, dwat devan Jezi. 20Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la:
— Monchè, tout peche ou yo padonnen.
21Dirèktè #Lik 7.49; Eza 43.25; Jan 5.12 lalwa yo ak farizyen yo t'ap di nan kè yo:
— Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen lòt moun sou latè ki ka padonnen peche, esepte Bondye sèlman.
22Jezi menm te konnen sa k t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa:
— Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou? 23Kisa k pi fasil pou m di: Peche ou yo padonnen osinon: Leve kanpe, mache. 24Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m padonnen peche tande.
Apre sa, Jezi di nonm paralize a:
— Se mwen menm k'ap pale avè ou: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.
25Menm lè a, nonm lan kanpe devan tout moun, li ranmase kabann li, li pran wout lakay li pandan li t'ap rele: Beniswa Letènèl, byen fò. 26Tout moun te pran gwo sezisman, epi yo t'ap di: Beniswa Letènèl tou. Men yo te pè anpil, epi yo t'ap di:
— Ala bèl mèvèy nou wè jòdi a!
Jezi rele Levi vin swiv li
(Matye 9.9-13; Mak 2.13-17)
27Apre #Mat 9.9-13; Mak 2.13-17 sa, Jezi sòti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi. Li te chita devan biwo travay li. Jezi di l konsa:
— Swiv mwen.
28Levi annik leve, li kite tout bagay, li swiv Jezi.
29Apre #Lik 15.1 sa, Levi fè yon gwo resèpsyon lakay li pou Jezi. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ankò ki te chita bò tab la avèk yo. 30Farizyen yo ak dirèktè lalwa ki te fè gwoup ak yo t'ap babye, yo di disip Jezi yo:
— Poukisa n'ap plede manje, n'ap plede bwè konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun k'ap fè sa ki mal?
31Jezi reponn yo:
— Lè yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. 32Enben, mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye dekwa pou yo ka tounen vin jwenn Bondye.
Kèsyon fè jèn lan
(Matye 9.14-17; Mak 2.18-22)
33Gen #Mat 9.14-17; Mak 2.18-22 kèk moun ki di Jezi konsa:
— Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè.
34Jezi reponn yo:
— Eske nou ka fòse zanmi yon nonm k'ap marye pou yo rete san manje tout tan li la avèk yo? 35Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.
36Epi li di yo parabòl sa a:
— Pèsonn p'ap chire yon moso nan yon rad nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, ou chire rad nèf la, lèfini moso twal nèf la pa ale ak vye rad la nonplis. 37Konsa tou, pesonn p'ap pran diven fèk fèt pou bouche li nan vye boutèy ki sèvi deja. Si ou fè sa, diven an ap pete vye boutèy la, epi w'ap pèdi ni diven an, ni boutèy la. 38Men diven nèf dwe ale nan boutèy nèf. 39Yon moun ki fin bwè diven ki la lontan p'ap vle bwè diven ki fenk fèt. Se sa pawòl la di: Pi vye pi bon.

Currently Selected:

Lik 5: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy