YouVersion Logo
Search Icon

Lik 6

6
Kèsyon jou repo a
(Matye 12.1-8; Mak 2.23-28)
1Yon jou samdi, Jezi t'ap pase bò yon jaden #Mat 12.1-8; Mak 2.23-28 ble. Disip li yo rale kèk grap ble fwote nan men yo epi yo t'ap manje. 2Te #Jan 5.10 gen kèk farizyen la ki di yo konsa:
— Poukisa n'ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a?
3Jezi #1 Sam 21.1-6 pran lapawòl, li di farizyen yo konsa:
— Eske nou pa li sa David te fè li menm ak moun pa l yo, yon jou yo te grangou? 4Li #Lev 24.9 antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje, li bay moun pa l yo manje tou. Men dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gendwa manje pen sa yo.
5Apre sa, li di yo:
— Mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a.
Nonm men pòk la
(Matye 12.9-14; Mak 3.1-6)
6Yon #Mat 12.9-14; Mak 3.1-6 lòt jou repo, Jezi antre nan sinagòg la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Te gen yon nonm nan lasanble a ki te gen men dwat li pòk. 7Dirèktè #Lik 14.1 lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li. 8Men, Jezi te konnen sa k te dèyè tèt yo. Lè sa a, li di nonm ki te gen menm pòk la:
— Leve, vin kanpe la a nan mitan nou.
Nonm lan leve kanpe. 9Apre sa, Jezi di moun yo:
— M'ap mande nou kichòy: Kisa lalwa a pèmèt moun fè jou repo a? Byen oswa mal? Sove lavi yon moun osinon kite l mouri?
10Apre sa, li pwonmennen je l sou yo tout, li di nonm lan: #6.10: Anvan li di nonm lan, Gen maniskri ki ajoute li fè kòlè.
— Lonje men ou.
Nonm lan lonje men li. Latou, men an geri. 11Men, lòt moun yo pat manke ankòlè. Yo t'ap diskite yonn ak lòt sou sa yo ta kapab fè Jezi.
Jezi chwazi douz apòt yo
(Matye 10.1-4; Mak 3.13-19a)
12#Mak 3.13-19 sa a, Jezi moute sou yon ti mòn pou l lapriyè. Li pase tout nwit lan ap lapriyè. 13Lè l #Mat 10.2-4; Jan 6.70; Tra 1.13 fè jou, li rele disip li yo, li chwazi douz nan yo, li rele yo apòt. 14Se te Simon (Jezi te ba l yon ti non Pyè), ak Andre, frè l, Jak ak Jan, Filip ak Batèlmi, 15Matye ak Toma, Jak, pitit Alfe, ak Simon, patizan zelòt yo, 16Jid, pitit Jak la, avèk Jida Iskaryòt, nonm ki te trayi Jezi a.
Jezi ap fè konnen mesay la, l'ap geri anpil moun malad
(Matye 4.23-25)
17Li #Mat 4.23—5.1; Mak 3.7-12 desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te sòti toupatou. Te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanme a. Yo te vin tande l, yo t'ap mande l geri malad yo tou. 18Moun ki te gen move lespri ap toumante yo te geri tou. 19Tout moun t'ap chache manyen l, paske te gen yon fòs ki t'ap sòti nan Jezi ki t'ap geri yo tout.
Benediksyon ak malediksyon
(Matye 5.1-12)
20#Mat 5.3,4,6,11,12 sa a, Jezi gade disip li yo, li di yo:
Benediksyon pou nou menm ki pòv,
paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou nou li ye.
21Benediksyon #Rev 7.16,17; Sòm 126.5,6; Eza 61.3 pou nou menm ki grangou kounyeya,
paske n'a jwenn manje an kantite.
Benediksyon pou nou menm k'ap kriye kounyeya,
paske nou pral nan kè kontan.
22— Benediksyon #Jan 15.19; 16.2 pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a. 23Fè kè n kontan lè sa va rive. Nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo.
24Men, #Jak 5.1 malè pou nou,
nou menm moun rich yo,
paske nou deja jwenn
sa nou t'ap chache a.
25Malè #Eza 5.22 pou nou,
nou menm ki gen tout bagay an kantite kounyeya,
paske nou pral grangou pou n mouri.
Malè pou nou,
nou menm k'ap ri kounyeya,
paske nou pral nan lapenn,
se pa ti kriye n'a kriye.
26— Malè #Jak 4.4; Mi 2.11 pou nou lè tout moun ap di se bon moun nou ye, paske se konsa zansèt nou yo te aji ak fo pwofèt yo.
Renmen lènmi nou yo
(Matye 5.38-48; 7.12a)
27— Nou #Mat 5.39-48 menm k'ap koute m la a, men sa m'ap di nou: Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. 28Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou. 29Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l pran chemiz nou tou. 30Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l pou li. 31Tou #Mat 7.12 sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou.
32— Si nou plede renmen sèlman moun ki renmen nou, ki benediksyon pou n tann pou sa? Mechan yo tou yo renmen moun ki renmen yo. 33Si nou fè byen sèlman pou moun ki fè nou byen, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo fè menm jan an tou. 34Si #Lev 25.35,36 se moun nou konnen k'ap renmèt nou nou prete sèlman, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo tou, yo prete mechan parèy yo ki kapab renmèt yo sa yo te prete yo a san mank. 35Non, nou menm, se pou nou renmen lènmi nou yo, fè yo byen. Prete san nou pa mete espwa moun ap renmèt nou. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Paske li menm li bon, ni pou engra ni pou mechan. 36Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib.
Piga yonn jije lòt
(Matye 7.1-5)
37— Pa #Mat 7.1-29 jije #Mat 6.14 moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou. 38Bay, #Mak 4.24 Bondye va ban nou. L'a lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.
39Epi #Mat 15.14; 23.16,24 li di yo yon lòt parabòl:
— Eske yon avèg ka mennen yon lòt avèg? Eske tou de p'ap tonbe nan menm twou a? 40Yon #Mat 10.24,25; Jan 15.20 elèv pa pifò pase mèt li. Men yon elèv ki fini nèt, l'ap fò tankou mèt li.
41— Poukisa w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa a ki nan je pa ou la? 42Ou menm ki pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la, ki jan ou kapab di frè ou: Frè m, kite m wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, w'a wè klè pou ou wete pay ki nan je frè ou la.
Yo rekonèt pyebwa sou donn li
(Matye 7.16-20; 12.34-35)
43— Yon bon pyebwa pa bay move donn, ni yon move pyebwa pa bay bon donn. 44Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay. Joumou pa donnen kalbas. Ni kenèp pa donnen rezen.
45— Yon #Mat 12.34,35 nonm ki bon, se bon bagay li rale sòti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale sòti nan kè li ki move. Paske, sa k nan kè yon nonm, se sa k sòti nan bouch li.
De moun ki t'ap bati
(Matye 7.24-27)
46— Poukisa #Mal 1.6; Mat 7.21 n'ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m di nou fè? 47Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki fè sa mwen di fè, men ki jan l'ap ye: 48L'ap tankou yon nonm k'ap bati yon kay. Li fouye tè a byen fon, li moute fondasyon kay la sou wòch. Dlo desann, lavalas frape kay la. Men, kay la pa brannen paske li te byen bati. 49Men, moun ki tande pawòl mwen, ki pa fè sa mwen di fè, li tankou yon nonm ki bati yon kay ratè, san fondasyon. Lavalas frape kay la, yon sèl kou kay la tonbe, li kraze nèt.

Currently Selected:

Lik 6: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy