YouVersion Logo
Search Icon

Lik 4

4
Grandyab la tante Jezi
(Matye 4.1-11; Mak 1.12-13)
1Jezi tounen sòti bò larivyè Jouden an. Li te #Mat 4.1-11; Mak 1.12,13 anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri mennen li nan dezè a. 2Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. 3Satan di li konsa:
— Si se Pitit Bondye ou ye vre, bay wòch sa a lòd pou li tounen pen.
4Jezi #Det 8.3 reponn li:
— Men sa ki ekri: Se pa manje sèlman non moun bezwen pou viv.
5Satan mennen l yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l tout peyi ki sou latè. 6Li di Jezi konsa:
— M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo. 7Si ou mete ajenou devan m, tout bagay sa yo pou ou.
8Jezi #Det 6.13,14 reponn li:
— Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi.
9Apre sa, Satan mennen l lavil Jerizalèm, li mete l kanpe sou pwent fetay tanp lan. Li di Jezi konsa:
— Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba. 10Paske, #Sòm 91.11,12 men sa ki ekri:
— Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. 11Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou okenn wòch.
12Jezi #Det 6.16 reponn li:
— Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.
13Apre #Eb 4.15 satan fin tante Jezi tout jan sa yo, li ba li kanpo pou tann lòt okazyon.
Jezi konmanse travay li nan Galile
(Matye 4.12-17; Mak 1.14-15)
14Jezi #Mat 4.12-17; Mak 1.14,15 te anba pouvwa Sentespri Bondye a. Li tounen, l'ale nan peyi Galile. Nan tout peyi a se tout moun ki t'ap nonmen non li. 15Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj pou li.
Moun Nazarèt refize kwè nan Jezi
(Matye 13.53-58; Mak 6.1-6)
16Jezi #Mat 13.53-58; Mak 6.1-6 ale lavil Nazarèt kote l te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l li pou yo. 17Yo #Eza 61.1,2; 58.6 renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l, li jwenn kote ki te ekri:
18Lespri Bondye a sou mwen.
Li chwazi m
pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo.
Li voye m
pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage,
pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò,
pou m delivre moun y'ap maltrete yo,
19pou m #Lev 25.10 fè yo konnen lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a.
20Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. L'al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li. 21Lè sa a li konmanse di yo:
— Jòdi a, pandan n'ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre.
22Tout #Jan 6.42 moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t'ap sòti nan bouch li. Yo t'ap di konsa:
— Se pa pitit Jozèf la sa?
23Jezi #Mat 4.13 di yo:
— Koulyeya, nou pral di mwen: Zanmi! Bale devan pòt ou anvan ou bale devan pòt kanmarad. N'a di m' tou: nou tande tout sa ou te fè lavil Kapènawòm, fè yo isit la tou nan peyi pa ou la.
24Epi #Jan 4.44 li di yo ankò:
— Men sa m'ap di la a se vre wi: - Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon nan peyi li. 25Se #1 Wa 17.1,9; 18.1; Jak 5.17 vre wi: Sou tan Eli, yon lè lapli pat tonbe pandan twazan sis mwa, tout peyi a te nan grangou. Lè sa a, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl la. 26Men, Bondye pat voye Eli lakay yo yonn menm. Se lakay yon vèv ki te rete lavil Sarepta nan peyi Sidon li te voye li. 27Konsa #2 Wa 5.14 tou, sou tan pwofèt Elize, te gen anpil moun ki te malad ak lalèp nan pèp Izrayèl la. Men, yo yonn pat jwenn gerizon. Se Naaman sèlman, nonm peyi Siri a, ki te geri.
28Tout moun nan sinagòg la te byen ankòlè lè yo tande pawòl sa yo. 29Yo leve, yo trennen l andeyò lavil la. Yo mennen l sou tèt ti mòn kote lavil la te bati a, yo t'ap pare pou yo te jete l anba nan falèz la. 30Men, Jezi pase nan mitan yo, li chape kò li.
Nonm move lespri sou li a
(Mak 1.21-28)
31Apre #Mak 1.21-28 sa, #Mat 4.13; Jan 2.12 Jezi desann Kapènawòm, yon vil nan peyi Galile. Jou repo a, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. 32Yo #Mat 7.28,29; Jan 7.46 te sezi tande sa l t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gendwa di sa l'ap di a. 33Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò:
34— Hey! kisa nou gen avèk ou, Jezi, moun Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a.
35Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li:
— Pe la! Sòti sou nonm lan.
Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li sòti, l'ale san l pa fè l okenn mal. 36Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt:
— Ki pawòl sa a, mezanmi? Ak otorite, ak pouvwa, li pase movezespri yo lòd sevè, epi yo soti ale vre.
37Se tout moun ki t'ap nonmen non l nan tout peyi a.
Jezi geri anpil moun malad
(Matye 8.14-17; Mak 1.29-34)
38Jezi #Mat 8.14-17; Mak 1.29-39 soti, li kite sinagòg la, l'ale kay Simon. Bèlmè Simon te anba yon gwo lafyèb. Yo mande Jezi fè kichòy pou li. 39Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo. 40Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l sou tèt yo tout, li geri yo. 41Anpil #Mat 8.29; Mak 3.11,12 move lespri tou te sòti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele:
— Ou se pitit Bondye a.
Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pat kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye.
Jezi ap mache preche nan peyi Jide
(Mak 1.35-39)
42Kou l fè jou, Jezi sòti, l'ale yon kote ki pa gen moun. Yon foul moun t'ap chache li. Konsa, yo rive jouk kote li te ye a. Yo te vle kenbe l pou l pat kite yo. 43Men #Lik 8.1 li di yo:
— Fòk m anonse bòn nouvèl gouvènman Bondye ki Wa a bay moun lòt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen.
44Se #Mat 4.23 konsa, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg Jide yo.

Currently Selected:

Lik 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in