YouVersion Logo
Search Icon

Levitik 19

19
Jan Bondye vle pèp Izrayèl la viv
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Pale #Lev 11.44,45; 20.7,26; 1 Pyè 1.16 ak tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la. W'a di yo: Se pou nou viv apa pou mwen paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye apa. 3Se #Egz 20.8,12; Eza 56.2; 58.13 pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!
4Pa #Egz 20.3-5; 34.17; Lev 26.1 janm vire do ban mwen pou n'al sèvi zidòl. Piga nou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi nou bondye. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!
5#Lev 7.15-18 n'ap touye bèt pou fè ofrann pou di Senyè a mèsi, se pou nou fè l jan mwen mande l la pou m ka asepte l nan men nou. 6Se pou nou manje vyann bèt yo ofri ban mwen an menm jou a, osinon nan denmen. Men, sou twazyèm jou a, tout sa ki rete nan vyann lan, se pou nou boule l. 7Paske si nou manje l sou twazyèm jou a, se yon manje gate li ye! Senyè a p'ap asepte l nan men nou. 8Se poutèt sa, tout moun ki va manje yon vyann konsa ap gen pou peye pou sa li fè. Paske li pa respekte bagay yo konsakre pou mwen, moun konsa se pou wete yo nan mitan pèp mwen an.
9#Lev 23.22; Det 24.19,21 n'ap ranmase rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase sa ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou nou ranmase ti grenn ki te tonbe atè. 10Nou pa bezwen tounen nan jaden rezen an pou nou ranmase dènye ti grap rezen yo te bliye, osinon pou nou ranmase ti grenn rezen ki te tonbe atè. N'a kite sa pou moun peyi a ki pa gen anyen, ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!
11Piga #Egz 20.15; Lev 6.2,3; Ef 4.25; Kol 3.9 nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti. 12Piga #Egz 20.7 nou pran non m pou fè sèman pou twonpe moun. Si nou fè sa, se derespekte n'ap derespekte non Bondye nou an. Se mwen menm ki Senyè a!
13Piga #Lev 6.2; Det 24.14,15; Mal 3.5 nou pwofite sou moun menm ras ak nou. Lè lè pou nou peye moun ki travay pou nou an rive, peye li lajan li. Piga nou voye li pou denmen. 14Piga #Lev 19.32; 25.17; Det 27.18; Ekl 12.13; 1 Pyè 2.17 di ni fè mechanste sou moun soud. Piga ou mete okenn bagay sou chemen avèg pou fè li tonbe. Se pou nou gen krentif pou mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
15Piga #Egz 23.2,3; Det 1.17; 16.19; Pwo 24.23; Jak 2.9 nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou fè patipri pou pòv, ni piga nou achte figi grannèg. N'a rann jistis pou tout frè parèy nou san paspouki. 16Pa #Egz 23.1,7; 1 Wa 21.10-13; Mat 26.60,61 nou fè kouri fo bri sou moun menm ras ak nou. Piga nou kanpe pou fè touye moun menm ras ak nou san rezon. Se mwen menm ki Senyè a.
17Piga #Jen 27.41; Lik 17.3; Wòm 1.32; Ef 5.11; 1 Tim 5.22; 1 Jan 2.9,11; 3.15 nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa lapoula. Konsa yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.
18Piga #Mat 5.43; 19.19; 22.39; Mak 12.31; Lik 10.27; Wòm 12.17,19; 13.9; Gal 5.14; Jak 2.8 nou tire revanj sou pèsonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Senyè a!
19Se #Lev 18.4; Det 22.9-11 pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo. Piga nou kwaze de zannimo ki pa menm kalite. Piga nou plante de kalite plant anmenmtan nan jaden nou. Piga nou mete sou nou rad depaman.
20Lè yon moun te gentan pwomèt vann yon esklav fi bay yon nonm pou madanm, men lòt nonm lan poko peye pou esklav la, ni li menm li poko ba li libète l, si li kouche fi a, se pou yo pini yo san yo pa bezwen touye yo, paske fanm lan te esklav li toujou. 21Nonm #Lev 6.6,7 lan va mennen yon belye mouton devan pòt Tant Randevou a, l'a ofri l bay Senyè a pou peye pou sa l fè a. 22Prèt la va pran belye mouton an, l'a fè sèvis pou l mande Bondye gras pou peche li te fè a epi Bondye va padonnen l sa.
23Lè n'a antre nan peyi Kanaran an, apre n'a fin plante tout kalite pyebwa ki ka donnen, n'a konsidere rekòt twa premye lanne yo tankou bagay ki pa bon pou nou manje. Pandan twazan, piga nou manje anyen nan rekòt la. 24Lè katriyèm lanne a vin rive, n'a pran tout rekòt katriyèm lanne a, n'a ofri l ban mwen, mwen menm Senyè a, pou nou moutre jan nou genyen m rekonesans. 25Men sou senkyèm lanne a, nou ka manje donn yo. Si nou fè sa konsa, pyebwa nou yo va donnen pi plis toujou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!
26Piga #Lev 17.10; Det 18.10; 2 Wa 21.6 nou manje okenn vyann ak san li. Piga nou ni nan maji ni nan chache konnen lavni nou denmen. Piga nou nan etidye zetwal pou chache konnen sa ki pral rive sou latè. 27Piga #Lev 21.5; Jer 9.26 nou koupe pafouten nou raz, ni piga nou taye pwent bab nou, 28piga #Det 14.1 nou make kò nou avèk kout kouto, ni piga nou fè desen ak lank sou kò nou. Se mwen menm ki Senyè a!
29Piga #Det 23.17; Oze 4.13,14 nou avili pitit fi nou yo pou nou voye yo fè jennès nan tanp zidòl yo. #19.29: fè jennès nan tanp zidòl yo: Se fi yo jwenn nan tanp moun Kanaran yo, kote yo fè sèvis pou bondye ki bay pitit, ki fè latè donnen. Dapre kwayans moun sa yo, lè ou kouche ak fi sa yo, ou mèt sèten jaden ou ap donnen, bèt ou yo ap fè pitit. Si nou fè sa, tout peyi a va vire al jwenn zidòl yo. Lè sa a, tout moun va lage kò yo nan fè sa ki mal. 30Se #Lev 19.3; 26.2; Ekl 5.1; Mat 21.12,13 pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se pou nou respekte kay ki apa pou mwen an. Se mwen menm ki Senyè a!
31Piga #Lev 20.6; 1 Sam 28.7; Eza 8.19 n'al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!
32Toujou #Lev 19.14; Pwo 20.29; 1 Tim 5.1 leve kanpe devan granmoun cheve blan. Respekte figi vye granmoun, paske nou gen krentif pou mwen menm, Bondye nou an. Se mwen menm ki Senyè a!
33Piga #Egz 22.21 nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi a ansanm ak nou. 34Se #Egz 12.48,49; Det 10.19 pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pat peyi pa nou! Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!
35Piga nou fè lenjistis nan tribinal. Piga nou twonpe moun lè n'ap mezire longè yon bagay, lè n'ap peze nan balans, lè n'ap mezire pa mamit. 36N'a #Det 25.13,15; Pwo 20.10 toujou gen bon balans, bon pwa, bon lonn, bon mezi. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip!
37Se #Lev 18.4,5 pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Se pou nou swiv yo. Se mwen menm ki Senyè a!

Currently Selected:

Levitik 19: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in