YouVersion Logo
Search Icon

Levitik 20

20
Chatiman sou dezobeyisans
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Men #Lev 18.21 sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l wòch jouk li mouri. 3Mwen #Lev 17.10; 18.21; Eze 5.11; 23.38,39 menm bò pa m, mwen p'ap okipe l ankò, m'ap wete l nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l pou mwen, li derespekte non mwen. 4Men, #Det 17.2,3,5 si moun ki nan peyi a fèmen je yo sou sa nonm lan fè a, lè li te bay pitit li pou fè sèvis pou Molòk la, si yo pa touye l, 5se #Egz 20.5; 34.15 mwen menm ki p'ap okipe l ankò, li menm ak tout fanmi l. M'ap wete yo nan mitan pèp mwen an, ni li, ni nenpòt lòt moun k'ap vire do ban mwen tankou l pou y'al sèvi Molòk.
6Si #Lev 19.31 yon moun vire do ban mwen poulal konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant, osinon moun k'ap fè divinò, mwen p'ap okipe l ankò, m'ap wete l nan mitan pèp mwen an.
7Se #Egz 22.31; Lev 11.44 pou nou viv apa pou mwen. Piga nou fè bagay mwen di nou pa fè, paske se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. 8Se #Egz 31.13; Lev 18.4; Eze 37.28 pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Se mwen menm Senyè a, se mwen menm k'ap fè nou sèvi m nan tou sa n'ap fè!
9Depi #Egz 21.17; 2 Sam 1.16; 1 Wa 2.32; Mat 15.4 yon moun bay manman l osinon papa l madichon, se pou yo touye l. Paske li madichonnen manman l ak papa l, se li menm sèl kab reskonsab lanmò li. 10Depi #Lev 18.20; Det 22.22; Jan 8.4,5 yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. 11Depi #Lev 18.8 yon nonm kouche madanm papa l, li jete dezonè sou papa l. Se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo. 12Depi #Lev 18.15 yon moun kouche bèlfi li, se pou yo touye tou de. Sa yo fè a se yon wont. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo. 13Depi #Lev 18.22 yon gason kouche yon gason parèy li, se yon salte Bondye pa ka wè. Se pou yo disparèt toulede. Lè konsa se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo. 14Si #Lev 18.17 yon nonm marye ak yon fi ansanm ak manman fi a tou, se bagay ki sal nèt yo fè la a. Se pou yo boule tou twa nan dife. Bagay konsa pa fèt pou fèt nan mitan nou. 15Si #Lev 18.23 yon nonm kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l, li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo. 16Si yon fanm chache yon jan pou li kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l, li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo. Lè konsa, se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.
17Si #Lev 18.9 yon nonm marye ak sè li, li te mèt pitit fi manman l osinon pitit fi papa l, si yo kouche yonn ak lòt, yo avili tèt yo devan tout pèp Izrayèl la. Sa yo fè a se yon gwo wont. Se pou yo chase yo nan mitan pèp la. Li te kouche sè li, se pou li peye pou sa l fè a. 18Si #Lev 18.19 yon nonm kouche yon fanm ki gen règ li, se pou yo wete yo nan mitan pèp la.
19Si #Lev 18.6,12,13 yon nonm kouche matant li, matant bò papa l osinon matant bò manman l, li kouche pwòp fanmi l. Se pou yo fè tou de peye pou sa yo fè a. 20Si #Lev 18.14 yon nonm kouche madanm tonton li, li jete dezonè sou tonton li. Lè konsa, ni li, ni madanm lan, yo gen pou peye pou sa yo fè a. Y'a mouri san fè pitit. 21Si #Lev 18.16 yon nonm marye ak madanm frè li, sa l fè a se yon bagay k'ap mete l nan kondisyon li pa ka sèvi Bondye, li jete dezonè sou frè li. Se poutèt sa, ni li ni madanm lan va rete san fè pitit.
22Senyè a #Lev 18.4,25 di ankò:
— Se pou nou kenbe tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p'ap voye nou jete deyò. 23Piga #Lev 18.3,24; Det 9.5 nou swiv move mès moun lòt nasyon mwen te mete deyò pou nou te ka antre nan peyi a. Yo te ban m degoutans ak tout move bagay yo t'ap fè a.
24Men, #Egz 3.17; 6.8; 19.5; 33.16; Det 7.6; 1 Wa 8.53 mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa. 25Se #Lev 11.2-47; Det 14.4-20 konsa, kounyeya, piga nou mele zannimo nou gendwa manje ak zannimo nou pa gendwa manje, zwazo nou gendwa manje ak zwazo nou pa gendwa manje. Pa kite okenn zannimo ni okenn zwazo nou pa gendwa manje, ni bèt k'ap trennen sou vant mwen menm mwen di ki pa bon pou nou, mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis mwen. 26Se #Egz 19.6; Lev 19.2 pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Mwen menm Senyè a, mwen mete nou apa nan mitan tout lòt pèp yo pou nou ka pou mwen nèt.
27Depi #Egz 22.18; Lev 19.31; 20.2,9 yon nonm oswa yon fanm pran labitid rele mò pou moun, se pou yo kalonnen li wòch touye li. Lè konsa se yo menm sèl k'ap reskonsab lanmò yo.

Currently Selected:

Levitik 20: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in