YouVersion Logo
Search Icon

Levitik 18

18
Regleman sou fanm ak gason
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Pale #Egz 6.7; Eze 20.5 ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an! 3Piga #Egz 23.24; Eze 20.7,8 nou janm fè mimn jan ak moun peyi Lejip kote nou te ye a, ni tankou moun peyi Kanaran kote mwen pral mennen nou an. Piga nou swiv mès yo. 4Se #Eze 20.19 pou nou swiv lòd mwen ban nou. Se pou nou fè sa mwen di nou fè. Se pou nou mache dapre prensip mwen ban nou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. 5Se #Eze 20.11; Lik 10.28; Wòm 10.5; Gal 3.12 pou nou swiv regleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m di nou fè a, tout moun ki koute m va jwenn lavi. Se mwen menm ki Senyè a!
6Apre sa, Senyè a bay regleman sa yo:
— Piga pèsonn kouche yon fanm ki fanmi pre l. Se mwen menm ki Senyè a. 7Piga #Lev 20.11-21 ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche madanm li, se manman ou li ye. Pa jete dezonè sou manman ou. 8Piga #Det 22.30; 27.20; 1 Kor 5.1 ou jete dezonè sou papa ou pou ou kouche yonn nan fanm kay papa ou yo. 9Piga #Jen 20.12; Det 27.22; 2 Sam 13.12 ou kouche sè ou, li te mèt menm papa osinon menm manman avè ou, kit li te elve nan menm kay avè ou, kit li te elve lòt kote. Piga ou kouche l. 10Piga ou kouche pitit fi pitit gason ou osinon pitit fi pitit fi ou. Se va sou pwòp tèt ou w'a jete dezonè. 11Piga ou kouche pitit fi madanm papa ou. Se pou ou konsidere l tankou pwòp sè ou. 12-13Piga ou kouche matant ou, kit se matant bò papa, kit se bò manman. 14Piga ou kouche madanm tonton ou bò papa. Se pou ou konsidere l tankou matant ou. 15Piga #Jen 38.6-26 ou kouche bèlfi ou: se madanm pitit gason ou li ye. Pa jete dezonè sou li. 16Piga #Det 25.5; Mat 14.3,4; 22.24 ou kouche madanm frè ou. Pa jete dezonè sou frè ou. 17Piga #Det 27.23 ou kouche pitit fi osinon pitit pitit fi yon madanm ki te nan afè avè ou deja. Pa kouche yo. Se tankou si se te fanmi pre ou yo te ye. Si ou fè sa, se va yon wont! 18Piga #Jen 30.15 ou pran yonn nan sè madanm ou pou yonn nan pwòp madanm ou yo toutotan madanm ou vivan. Sa ka mete yon jalouzi nan mitan yo.
19Piga #Lev 15.24; 20.18 ou kouche yon fanm ki gen règ li, paske lè sa a li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 20Piga #Egz 20.14 ou kouche madanm yon frè parèy ou, paske lè nou fè sa, ni ou ni fanm lan, nou pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 21Piga #Lev 19.12; 20.2-5; 22.32; 1 Wa 11.7,33; 2 Wa 16.3; 23.10; Eze 36.20; Mal 1.12 ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Senyè a. 22Piga #Wòm 1.27; 1 Tim 1.10 gason kouche gason parèy li. Se bagay madichonnen. 23Ni #Egz 22.19; Det 27.21 fanm ni gason pa gendwa kwaze ak zannimo. Se bagay madichonnen k'ap mete yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye.
24Piga #Lev 20.23; Det 9.4; 18.12; Mat 15.18 nou janm fè bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Senyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo. 25Yo #Lev 18.27,28; 20.22; Eza 24.5; 26.21 te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t'ap fè a. Se konsa mwen menm Senyè a, m'ap pini peyi a, m'ap fè l voye moun ki rete sou li yo jete deyò. 26Men nou menm, se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Piga pèsonn ni nan nou, ni nan moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo fè okenn nan bagay mwen pa vle wè yo. 27Se paske moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo te fè tout kalite bagay sa yo, kifè yo te mete peyi a nan move kondisyon sa a. 28Konsa tou, si nou mete peyi a nan move kondisyon, peyi a pral voye nou jete deyò menm jan li te fè l pou pèp ki te la anvan nou yo. 29Depi yon moun fè yonn nan bagay sal sa yo, y'ap wete l nan mitan pèp Bondye a.
30Epi Senyè a di:
— Se pou nou kenbe lòd mwen yo. Pa swiv move mès moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo. Pa fè vye bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

Currently Selected:

Levitik 18: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in