YouVersion Logo
Search Icon

Jozye 9

9
Jozye ak moun Gabawon
1Nouvèl bagay sa yo rive nan zòrèy tout #Egz 3.8; 13.5; Joz 3.10; 12.8 wa ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an sou solèy kouche, nan mòn yo, nan plenn yo, sou tout rivay lanmè Mediterane a, jouk peyi Liban sou bò nò. Te gen wa moun Et yo, wa moun Amori yo, wa moun Kanaran yo, wa moun Ferezi yo, wa moun Evi yo ak wa moun Jebis yo. 2Yo tout yo mete tèt ansanm pou yo goumen kont Jozye ak pèp Izrayèl la.
3#Joz 6.21,24; 8.26,28; 10.2; 2 Sam 21.1,2 moun peyi Gabawon yo vin konnen kisa Jozye te fè moun Jeriko yo ak moun Ayi yo, 4yo di yo pral pran li nan plan. Yo leve, yo fè pwovizyon, yo chaje bourik yo avèk yon bann vye sak ak veso fèt ak po bèt pou mete diven. Veso yo te tou kreve, yo te pyese nan tout kò yo. Moun Gabawon yo pati. 5Yo te menm rive mete vye sapat rapyese nan pye yo ak vye rad chire sou yo. Yo pran pen rasi kraze an miyèt moso, yo pote pou manje yo. 6Yo pati, yo vin jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Yo pale ak li ansanm ak mesye pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa:
— Nou sòti nan yon peyi ki byen lwen isit la. Ann pase yon kontra yonn ak lòt non!
7Men, #Det 7.2; Joz 11.19; Jij 2.2 mesye pèp Izrayèl yo di moun Evi yo konsa:
— Pou di se pa toupre la a nou rete? Ki jan nou ta vle pou nou pase kontra ak nou?
8Moun Evi yo di Jozye:
— Se sèvi nou vin sèvi ou!
Jozye mande yo:
— Men, ki moun nou ye menm? Ki bò nou sòti?
9Yo #Det 20.15; Joz 2.10; 6.27 reponn li:
— Mèt, nou sòti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Senyè a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvèl tou sa li fè nan peyi Lejip, 10ak #Nonb 21.21-35; Det 1.4 tou sa li fè de wa moun Amori yo ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an: Siyon, wa peyi Esbon an ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete lavil Astawòt. 11Lè sa a, chèf nou yo ak tout moun ki rete nan peyi nou an di nou fè pwovizyon pou n'al vwayaje al kontre moun sa yo. N'a di yo konsa men nou vin sèvi yo. Tanpri, pase yon kontra ak nou. 12Gade pen nou rete. Yo te tou cho jou nou pati vin kontre nou an. Men, kounyeya, gade jan yo rasi, jan yo tounen ti miyèt. 13Lè nou te plen veso diven sa yo, yo te tou nèf. Gade kounyeya jan yo plen twou. Gade jan rad nou ak sapat nou fini tèlman nou mache anpil.
14Chèf #Nonb 27.21 pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Senyè a sa li di nan sa. 15Jozye #Joz 11.19 pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt. Li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo sèmante yo p'ap fè yo anyen.
16Twa jou apre yo te fin siyen kontra a, moun pèp Izrayèl yo vin konnen moun sa yo te rete toupre a, nan mitan peyi Izrayèl la. 17Moun #Joz 18.25-28 pèp Izrayèl yo leve, yo pati dèyè yo. Sou twa jou, yo rive nan lavil kote moun sa yo te rete a. Se te lavil Gabawon, lavil Kefira, lavil Beewòt ak Keryat-Jearim. 18Men moun Izrayèl yo pa te ka touye yo paske chèf Izrayèl yo sèmante ba yo nan non Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo p'ap fè yo anyen. Lè sa a, tout pèp la t'ap bougonnen sou do chèf yo pou sa. 19Men, chèf yo reyini tout moun, yo di yo:
— Depi nou sèmante ba yo nan non Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, nou pa gendwa manyen yo. 20Konsa, #2 Sam 21.2 poutèt sèman nou te fè a, se pou nou kite yo viv. Paske, si nou fè yo anyen, Bondye va pini nou. 21Wi, se pou yo viv. Men, n'a pran yo pou fann bwa, pou bwote dlo pou nou jan chèf yo te di a.
22Jozye #Joz 9.6,9,16 fè chache moun Gabawon yo, li mande yo:
— Poukisa nou ban nou gwo manti sa a? Nou di nou rete byen lwen, epi se la a, nan mitan nou, nou moun. 23Poutèt sa, madichon ap tonbe sou nou. N'ap toujou sèvi nou domestik. Depi jòdi a, se nou menm ki pou fann bwa, ki pou bwote dlo nou bezwen pou kay Bondye nou an.
24Yo #Det 7.1,2 reponn:
— Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pat mouri. Se sa ki fè nou te fè sa. 25Kounyeya, nou nan men ou! W'a fè sa ou vle ak nou, jan ou santi ou dwe fè l la.
26Se konsa Jozye delivre yo anba men moun pèp Izrayèl yo, li pa kite yo touye yo. 27Depi #Det 12.5 jou sa a, Jozye mete yo la pou fann bwa, pou bwote dlo pou pèp Izrayèl la ak pou lotèl Senyè a. Jouk jòdi a, se sa y'ap fè tout kote Senyè a chwazi pou yo adore l la.

Currently Selected:

Jozye 9: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in