YouVersion Logo
Search Icon

Jozye 8

8
Ayi anba men Izrayèl
1Senyè a di Jozye konsa:
#Det 1.21; Joz 1.9; 6.2; 10.25 Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou. 2Menm #Det 20.14; Joz 6.21; 8.27 sa ou te fè moun lavil Jeriko yo ak wa yo a, se sa ou pral fè moun lavil Ayi yo ak wa yo a. Men, fwa sa a, n'a gendwa pran byen yo ak bèt yo pou nou. Fè sòlda yo al anbiske kò yo pou yo atake lavil la pa dèyè.
3Se konsa, Jozye reyini tout sòlda pèp Izrayèl yo, li fè plan pou yo mache sou lavil Ayi. Jozye chwazi trantmil (30.000) vanyan gason, li fè yo pati devan nan mitan lannwit. 4Men lòd li ba yo:
— Al anbiske kò nou lòt bò sou dèyè lavil la. Pa kache twò lwen non. Epi pare pou nou atake. 5Mwen #Joz 7.5 menm, mwen pral pwoche bò lavil la avèk tout sòlda ki avè m yo pa devan pòtay la. Lè n'a wè moun lavil yo sòti vin fè faskare ak nou, nou menm ki sou devan yo, n'a pran kouri devan yo ankò, jan nou te fè l anvan an. 6Yo #Joz 8.16 menm menm yo pral kouri dèyè nou, jouk y'a kite lavil la byen lwen dèyè yo, paske yo pral konprann se tankou premye fwa a. 7Lè sa a, nou menm ki te kache sou dèyè a, n'a sòti kote nou te anbiske kò nou an, n'a antre nan lavil la, paske Senyè a, Bondye nou an, ap lage lavil la nan men nou. 8Lè n'a fin pran lavil la, n'a mete dife ladan l jan Senyè a te mande l la. Men lòd mwen ban nou.
9Se konsa, Jozye voye yo ale. Y'al anbiske kò yo sou dèyè lavil la, sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. Jozye menm rete pase lannwit lan nan kan an.
10Nan maten, bonè bonè, Jozye leve, li reyini tout lòt sòlda yo. Li pase yo enspeksyon. Apre sa, li pran direksyon lavil Ayi a pou li. Li t'ap mache alatèt lame a ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo. 11Sòlda ki te avè l yo rive jouk anfas pòtay lavil la. Yo moute kan yo sou bò nò lavil Ayi a. Yo kite yon ti fon nan mitan yo ak lavil Ayi a. 12Jozye pran senkmil (5.000) sòlda, li fè yo al kache sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. 13Se konsa, pifò nan lame a moute kan yo sou bò nò lavil la, epi rès lame a al kache kò yo sou bò solèy kouche. Jou sa a, Jozye pase lannwit lan nan Fon an. 14Lè wa lavil Ayi a wè sòlda Jozye yo, li menm ansanm ak tout gason nan lavil la, yo leve granmaten, yo prese pare yo. Yo sòti al atake moun Izrayèl yo sou pant ki desann nan Fon Jouden an. Men, li pat konnen yo ta pral atake l sou dèyè. 15Jozye ak moun pa l yo fè tankou y'ap kouri pou yo, yo lage kò yo nan dezè a. 16Tout #Joz 8.6 gason ki te nan lavil la t'ap kouri dèyè yo, yo t'ap rele byen fò. Se konsa, nan kouri dèyè Jozye a, yo kite lavil la byen lwen dèyè. 17Pat gen yon gason nan lavil Ayi a, #8.17: Ayi a: Nan tèks ebre a yo ajoute ak nan lavil Betèl. tout te kouri sòti dèyè pèp Izrayèl la. Yo kite pòtay lavil la gran batan louvri san pèsonn pou defann li.
18Senyè a #Egz 17.8-15; Joz 8.26; 2 Wa 13.14-19 di Jozye konsa:
— Leve frenn ki nan men ou lan, lonje l sou lavil Ayi a: mwen pral lage lavil la nan men ou.
Jozye lonje frenn ki te nan men l lan sou lavil la. 19Leve li leve men l, mesye ki te anbiske kò yo sòti byen vit nan kachèt yo a, yo kouri antre nan lavil la, yo pran lavil la pou yo. Lamenm yo mete dife ladan l. 20Lè mesye lavil Ayi yo vire tèt yo gade, yo wè yon gwo lafimen ki t'ap sòti nan lavil la moute nan syèl, yo pat konn ki bò pou yo fè, paske lè sa a, sòlda pèp Izrayèl ki t'ap kouri nan direksyon dezè a te vire tounen sou yo. 21Lè Jozye ak tout moun li yo wè lòt sòlda ki te kache yo te pran lavil la, lè yo wè dife nan lavil la, yo vire tounen, yo atake moun lavil Ayi yo. 22Lòt moun pèp Izrayèl yo menm sòti nan lavil la, epi yo mache sou yo tou. Konsa moun lavil Ayi yo te sènen toupatou ak moun pèp Izrayèl yo. Sòlda pèp Izrayèl yo touye mezi moun yo jwenn devan yo. Yo pa kite yonn vivan, 23esèpte wa lavil Ayi a. Yo pran mesye, yo mennen l bay Jozye.
24Moun Izrayèl yo kouri dèyè lènmi yo nan tout mòn yo ak nan tout dezè a. Lè yo fin touye tout, yo tounen lavil Ayi, epi yo touye tout moun ki te ladan l. 25Jou sa a, yo touye douzmil (12.000) moun, fi kou gason, ki t'ap viv nan lavil Ayi a. 26Jozye #Joz 8.18 menm te kenbe bra l leve anlè ak frenn lan lonje sou lavil Ayi a jouk yo te fin touye tout moun ki te rete nan lavil la tankou yon ofrann pou Senyè a. 27Moun #Joz 8.2 Izrayèl yo te pran tout bèt moun yo ak tout byen yo pou yo, jan Senyè a te bay Jozye lòd la. 28Jozye #Det 13.16 boule lavil Ayi a, li fè l tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jòdi a. 29Li #Det 21.23; Joz 7.26; 10.26 fè yo pann wa lavil Ayi a nan yon pyebwa, epi yo kite l la jouk aswè. Lè solèy kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav la. Yo pran l, yo voye l jete devan pòtay lavil la. Yo mete yon gwo pil wòch sou li. Pil wòch la la jouk jòdi a.
Lekti liv lalwa a pou pèp la
30#Egz 20.24,25; Det 27.4-6 sa a, Jozye bati yon lotèl pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, sou mòn Ebal. 31Li bati li dapre lòd Moyiz, sèvitè Senyè a, te bay moun pèp Izrayèl yo, jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la: N'a bati yon lotèl ak wòch ki pat janm travay ak zouti fè. Yo ofri sou lotèl la bèt yo touye pou boule nèt pou Senyè a, epi yo touye bèt pou mande Bondye padon. 32Antan #Det 27.2-4 yo la, Jozye pran lalwa Moyiz te ekri pou pèp Izrayèl la, li kopye l sou tout wòch lotèl la devan tout pèp la. 33Apre #Det 11.29; 27.11-13; 31.12 sa, tout pèp Izrayèl la vini ak chèf fanmi yo, dirèktè yo ak jij yo ansanm ak moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bò Bwat Kontra Senyè a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepòl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mòn Garizim, mwatye sou bò mòn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sèvitè Bondye a, te ba yo lòd kanpe lè lè a va rive pou yo resevwa benediksyon. 34Lèfini, #Det 28.2-68; 30.19; 31.11; Ney 8.2,3 Jozye li tout pawòl ki te nan liv lalwa a, pawòl benediksyon yo kou pawòl madichon yo, jan yo ekri nan liv lalwa a. 35Jozye #Det 31.12 li tout kòmandman Moyiz te bay yo san sote yon mo devan tout pèp Izrayèl la ki te reyini ansanm ak fanm yo, timoun yo ak tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo.

Currently Selected:

Jozye 8: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in