YouVersion Logo
Search Icon

Jozye 10

10
Viktwa Izrayèl sou Amori
1Adonisedèk, wa Jerizalèm #Joz 6.21,24; 8.26-29; 9.15 te vin konnen Jozye te pran vil Ayi, li te detwi li nèt tankou Senyè a te di li a, li te touye wa a menm jan li te fè Jeriko ansanm ak wa li a. Adonisedèk te vin pran nouvèl tou moun Gabawon yo t'al rann tèt yo bay moun Izrayèl yo, epi yo t'ap viv nan mitan yo. 2Tout #Det 11.25 moun lavil Jerizalèm yo te pè anpil, paske Gabawon te yon gwo lavil, tankou nenpòt ki lavil ki te gen yon wa ap gouvènen li. Li te pi gwo pase lavil Ayi. Lèfini, tout gason la te vanyan sòlda. 3Se konsa, Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, voye misyon bay Oram, wa lavil Ebwon, bay Pireyam, wa lavil Jamout, bay Jafya, wa lavil Lakis, ak bay Debi, wa lavil Eglon. 4Li voye di yo.
— Vin jwenn mwen. Vin ede m atake lavil Gabawon, paske moun sa yo al rann tèt yo bay Jozye ak pèp Izrayèl la.
5Se konsa senk wa moun Amori yo: wa lavil Jerizalèm lan, wa lavil Ebwon an, wa lavil Jamout la, wa lavil Lakis la, wa lavil Eglon an, mete tèt ansanm, yo fè yon sèl lame ak tout sòlda yo. Yo sènen lavil Gabawon, yo atake l.
6Moun #Joz 9.6 lavil Gabawon yo voye mesaje nan kan Gilgal la di Jozye konsa:
— Mèt, tanpri, pa lage nou! Prese vin jwenn nou pou ede nou, pou delivre nou. Paske tout wa moun Amori ki rete nan mòn yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè nou pou yo fini ak nou.
7Se konsa, Jozye ak tout lame a ansanm ak tout vanyan sòlda li yo kite Gilgal, yo leve yo pati. 8Senyè a #Joz 1.5; 11.6; Jij 4.14 di Jozye konsa:
— Ou pa bezwen pè yo. M'ap lage yo tout nan men ou. Pa gen yonn ladan yo ki ka kenbe tèt avè ou.
9Lè Jozye kite Gilgal, li pase tout nwit lan ap mache. Li rive sou moun Amori yo san yo pat atann. 10Senyè a #Eza 28.21 fè moun Amori yo pran kouri lè yo wè moun Izrayèl yo. Li fè pèp Izrayèl la bat yo byen bat lòt bò lavil Gabawon an. Moun Izrayèl yo kouri desann dèyè yo nan pant Bètowon an, yo bat yo jouk Azeka ak Makeda nan sid la. 11Pandan #Egz 9.18-26; 1 Sam 7.10; Jòb 38.23; Sòm 18.12-14; Eza 30.30; Rev 16.21 yo t'ap kouri devan lame Izrayèl la, depi nan desann pant Bètowon an jouk yo rive Azeka, Senyè a rete nan syèl la, li voye gwo boul lagrèl sou yo pou touye yo. Lagrèl la te touye plis moun pase lame Izrayèl la avèk nepe yo.
12Jou #Aba 3.11 Senyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Senyè a devan tout pèp la, li di:
— Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon!
Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon!
13Solèy la rete kote l te ye a,
lalin lan pa fè yon pa
jouk pèp Izrayèl la te fin kraze lènmi l yo.
Se sa nou jwenn ekri nan liv Moun ki mache dwat la. Solèy la rete nan mitan syèl la san li pa mache yon bon tan, longè yon jounen konsa. Se apre sa l'al kouche. 14Ni #Egz 14.14,25; Det 3.22; Joz 23.3,10; 10.42; 2 Kwo 20.15,17; Eza 38.8 anvan sa, ni apre sa, pa janm gen yon jou tankou jou sa a lè Senyè a te fè sa yon moun te mande l fè, epi li goumen pou pèp Izrayèl la. 15Apre sa, Jozye ak tout lame Izrayèl la tounen nan kan yo Gilgal.
16Men, senk wa yo te kouri chape, y'al kache nan gwòt Makeda a. 17Y'al di Jozye yo jwenn senk wa yo kache nan gwòt Makeda a. 18Jozye reponn:
— Woule wòch bouche bouch gwòt la. Mete moun veye yo. 19Men, nou menm, souke kò nou. Kouri dèyè lènmi yo. Atake yo pa dèyè. Pa kite yo gentan rive nan lavil yo! Senyè a, Bondye nou an, lage yo nan men nou.
20Jozye #Joz 8.24 ak sòlda pèp Izrayèl yo t'ap masakre yo: sa ki te chape yo kouri al kache nan lavil ki gen gwo ranpa yo. 21#Egz 11.7 sa a, tout lame Jozye a tounen vin jwenn li nan kan Makeda a san pwoblèm, san danje. Pèsonn pat penmèt yo di anyen sou moun pèp Izrayèl yo.
22Lè sa a, Jozye di:
— Degaje bouch gwòt la. Mennen senk wa yo dèyò vin jwenn mwen.
23Yo degaje bouch gwòt la, yo mennen senk wa yo deyò vin jwenn li. Se te wa lavil Jerizalèm lan, wa lavil Ebwon an, wa lavil Jamout la, wa lavil Lakis la ak wa lavil Eglon an. 24#Sòm 110.1 yo mennen wa yo ba li, Jozye rele tout gason nan pèp Izrayèl la, epi li di chèf ki te avè l yo:
— Vini non! Mete pye nou sou kou wa sa yo!
Yo pwoche vre, yo mete pye yo sou kou wa yo. 25Epi #Det 3.21; 7.19; Joz 1.6,9 Jozye di yo:
— Nou pa bezwen tranble! Nou pa bezwen pè! Mete gason sou nou! Pa janm dekouraje paske Senyè a pral fè nou mete pye nou sou kou tout lènmi n'a jwenn sou wout nou!
26Apre #Joz 8.29 sa, Jozye touye wa yo epi li fè pann kadav yo sou senk pyebwa kote yo rete pandye jouk aswè. 27#Det 21.22,23 solèy fin kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav yo, epi pou yo voye yo jete nan gwòt kote yo te kache a. Apre sa, yo pran gwo wòch yo bouche bouch gwòt la. Wòch yo la jouk jòdi a.
28Menm #Joz 6.21 jou sa a, Jozye atake lavil Makeda, epi li pran l. Li touye wa a. Lèfini, li fè touye tout moun ak tout bèt ki te nan lavil la tankou yon ofrann pou Senyè a, san li pa kite anyen chape. Li fè wa Makeda a menm sa li te fè wa Jeriko a.
29Apre #Joz 21.13; 2 Wa 8.22 sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Makeda, y'al atake lavil Libna. 30Senyè a lage lavil la ansanm ak tout wa a nan men moun pèp Izrayèl yo. Yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la san yo pa kite anyen chape. Li fè wa a menm sa li fè wa Jeriko a.
31Apre #Joz 10.3 sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite Libna, y'al atake Lakis. Yo sènen lavil la nèt. 32Senyè a lage lavil Lakis nan men moun pèp Izrayèl yo. Sou dezyèm jou a, yo pran lavil la. Li fè yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la, menm jan yo te fè l nan lavil Libna a, san li pa kite yonn chape. 33#Joz 16.10; Jij 1.29 sa a Oram, wa peyi Gezè a, moute vin pote moun Lakis yo sekou. Men, Jozye bat li byen bat ansanm ak tout moun pa l yo. Li fè touye yo tout san li pa kite yonn chape.
34Apre #Joz 10.3 sa, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la kite lavil Lakis, y'al atake lavil Eglon. Yo sènen l nèt. 35Menm jou a, yo pran lavil la, yo touye tout moun ladan l. Wi, jou sa a, tankou yon ofrann y'ap fè pou Senyè a, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki t'ap viv la, menm jan yo te fè l nan lavil Lakis la.
36Apre #Joz 15.13; Jij 1.10 sa, Jozye ansanm ak lame Izrayèl la kite lavil Eglon, yo moute al atake Ebwon. 37Yo pran lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te rete la ansanm ak tou sa ki te rete nan ti bouk nan zòn lan. Li pa kite yon moun chape, menm jan li te fè l lavil Eglon an. Li fè touye dènye moun ak dènye bèt tankou yon ofrann pou Senyè a.
38Apre #Joz 15.15-17; Jij 1.11-13 sa ankò, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la vire sou lavil Debi, y'al atake l. 39Yo pran lavil la ansanm ak wa a ak tout lòt ti bouk nan zòn lan. Jozye fè touye tout moun ak tout bèt tankou yon ofrann pou Senyè a. Li pa kite yonn chape. Menm sa li te fè moun lavil Ebwon yo, menm sa li te fè moun lavil Libna yo ak wa yo a, se sa Jozye fè lavil Debi ak wa li a tou.
40Se #Det 20.16,17; Joz 12.8 konsa Jozye te fè tout peyi a soumèt devan li. Li te kraze tout wa yo, kit sa ki t'ap gouvènen nan mòn yo ak nan Negèb, kit sa ki t'ap gouvènen nan plenn yo ak sou ti mòn yo. Li pa kite yon moun chape. Li touye dènye moun, dènye bèt, tankou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te ba li lòd fè a. 41Jozye #Joz 11.16 bat yo depi Kadès-Banea sou bò sid rivyè Gaza, bò rivay la, nan tout zòn Gochenn lan jouk Gabawon sou bò nò. 42Jozye #Joz 10.14 te pran tout wa sa yo ak tout peyi yo nan yon sèl sòti, paske Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, t'ap goumen pou pèp la. 43Lèfini, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la tounen nan kan yo Gilgal.

Currently Selected:

Jozye 10: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in