YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 19

19
Dezyèm repons Jòb bay Bildad
1Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2— Manyè sispann vire lòlòj mwen non!
Manyè sispann kraze kouray mwen ak tout pawòl sa yo?
3Tout #Jen 31.7 tan n'ap plede joure m, n'ap trennen m nan labou.
Nou pa wont jan n'ap malmennen m la a?
4Menm si mwen ta fè sa m pat dwe fè,
ki jan pou sa ta ka fè nou mal?
5Nou #Sòm 35.26 konprann nou pi bon pase m.
Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a.
6Nou #Jòb 8.3; 34.12; Lam 3.36 pa wè se Bondye k'ap manyen ak mwen (k'ap frape m').
Se li ki antòtiye mwen nan pèlen li.
7Si #Aba 1.2 m-rele anmwe ansasen, pèsonn p'ap reponn.
Si m mande jistis, pèsonn p'ap kanpe pou defann mwen.
8Bondye #Jòb 3.23; Lam 3.7,9; Oze 2.6 bare tout chemen devan mwen. M pa ka pase.
Li fè m wè tou nwa devan mwen.
9Li #Sòm 89.39; Lam 5.16 fè yo ban m move non.
Li fè m pèdi tout byen m.
10Li #Jòb 10.21 minen m tout jan. M'ap deperi.
Li wete tout espwa m. Mwen tankou yon pyebwa yo derasinen.
11Bondye #Jòb 13.24 ankòlè nèt sou mwen.
Li konsidere m tankou yon lènmi.
12Li #Jòb 10.17; 30.12 voye yon bann malè sou mwen yon grenn kou,
tankou yon lame k'ap atake m.
Yo rive sou mwen san m pa wè sa.
Yo sènen m anndan lakay mwen.
13Bondye #Sòm 69.8; 88.8 fè frè mwen yo renka sou mwen.
Zanmi mwen yo kouri pou mwen.
14Tout #Sòm 38.11; 55.13 fanmi mwen, tout bon zanmi mwen disparèt.
Moun mwen te konn resevwa lakay mwen bliye m'.
15Ata #Jen 17.27 sèvant lakay mwen pa rekonèt mwen.
Pou yo, yo pa janm konnen m.
16Si mwen rele yon domestik, li pa reponn mwen.
Mwen te mèt lapriyè nan pye l, li pa okipe m.
17Madanm mwen pa ka pran sant mwen.
Ata pwòp pitit mwen yo pè pwoche bò kote m.
18Tout #2 Wa 2.23 timoun ap pase m nan betiz.
Si m fè yon ti kanpe, yo pase m nan tenten.
19Pi #Sòm 41.9; 55.13 bon zanmi m yo ap gade m ak degoutans.
Sa m pi renmen yo ap pale sou do m.
20Mwen #Sòm 102.5; Lam 4.8 tounen zo ak po.
Sa ki rete pou m mouri a pa anyen.
21Nou #Eza 53.4 se zanmi m. Pitye pou mwen! Pitye!
Se Bondye menm ki leve men sou mwen.
22Poukisa #Sòm 69.26 pou nou leve dèyè m tou menm jan ak Bondye?
Kounyeya, nou pa pèsekite m kont nou?
23Si #Jòb 31.35 sèlman te gen yon moun pou kouche pawòl mwen yo,
pou ekri yo sou papye,
24pou #Jer 17.1 pran biren grave yo sou wòch,
mete penti pou mak yo pa janm efase!
25Pou mwen #Sòm 19.14; 103.4; Eza 43.14 menm, mwen konnen sa fen. Moun k'ap vin defann mwen an, li vivan.
Se li menm k'ap kanpe andènye sou latè pou pale pou mwen.
26 # 19.26-29: Nou pa fin sèten se sa tèks ebre a vle di. Apre #Sòm 17.15; 1 Kor 13.12; 1 Jan 3.2 mwen fin mouri, l'ap leve mwen kanpe ankò.
Ak pwòp je mwen, m'ap wè Bondye mwen an.
27Se #Sòm 73.26 mwen menm menm k'ap wè l.
Se p'ap yon lòt moun!
Kè m ap fann,
28paske n'ap mande ki jan pou n fè m pase mizè ankò?
Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m?
29Men, #Sòm 58.11; Ekl 12.14 atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe,
lè Bondye va sòti pou pini moun ki antò yo.
Lè sa a, n'a konnen gen yon moun k'ap jije tout bon.

Currently Selected:

Jòb 19: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in