YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 18

18
Dezyèm koze Bildad ak Jòb
1Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
2— Jòb #Mak 12.13 monchè, ou pa ka pe bouch ou yon ti kadè?
Si ou te fè yon ti sispann, nou ta pale avè ou!
3Poukisa #Sòm 73.22 ou pran nou pou moun san konprann?
Poukisa ou pran nou pou zannimo?
4Si #Jòb 14.18; 16.9 ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal.
Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri?
Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi?
5Wi, #Jòb 21.17; Sòm 18.28; Pwo 13.9 y'ap touye limyè mechan an,
flanm dife l la p'ap klere ankò.
6Lanp lakay li ap mouri,
limyè lakay li ap tenyen.
7Li #Jòb 5.13 te konn mache byen enganm, kounyeya se ti pa ti pa,
l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l.
8Li #Sòm 9.15; 140.5 pile yon pèlen, pye l pran ladan l.
9Kòd la mare nan je pye l, l'ap sere l byen sere.
10Yo kache yon chita tann pou li anba tè.
Yo moute yon pèlen sou wout li.
11Kote l #Jòb 20.25; Jer 6.25 vire, malè ap tann li.
Kote l pase, yo la dèyè l.
12Grangou #Sòm 38.17 nan kò l fini ak kouray li.
Malè kanpe la bò kote l ap tann li.
13Yon sèl maladi po pete sou tout kò l.
L'ap manje tout janm li ak tout bra li yo.
Se tè ki pou geri l.
14Yo #Rev 9.11 rale l mete deyò anba tant kote li te al kache a.
Yo trennen l devan jeneral Lanmò.
15Kounyeya, nenpòt #Sòm 11.6; Eze 38.22 moun gendwa pran kay li a pou yo.
Y'ap dezenfekte l nèt ak souf. #18.15: souf: Nan tan sa a se ak souf yo te konn sèvi pou netwaye pyès kay kote yo te espoze kadav moun mouri apre lantèman.
16Anba #Jòb 14.2; Oze 9.16; Mal 4.1 tè, rasin li yo ap mouri.
Anwo tè, branch li yo ap fennen.
17P'ap #Jòb 30.8; Sòm 34.16; 109.13,15 gen pèsonn k'ap chonje l ankò sou latè.
Y'ap bliye l nèt nan tout peyi a.
18Y'ap #Jòb 10.21,22 pouse l sòti nan limyè ale nan fènwa.
Y'ap depòte l byen lwen nan peyi san chapo.
19Li #Eza 14.22 p'ap kite ni pitit, ni okenn lòt fanmi nan mitan pèp la.
Yo tout ap mouri anvan l.
20Depi #1 Sam 26.10; Jòb 21.6; Jer 50.27 sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche,
tout moun pral sezi wè jan li fini.
21Wi, #Jij 2.10; Jer 9.3; 2 Tes 1.8 men sa k'ap tann lakou moun k'ap fè mechanste yo,
fanmi moun ki pa respekte Bondye yo.

Currently Selected:

Jòb 18: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy