YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 17

17
1Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa #Sòm 88.3,4 lwen mouri.
Se pou simityè ase mwen bon.
2Kote m vire, se moun k'ap pase m nan betiz.
Vye pawòl jouman yo enpoze m dòmi.
3Ou #Sòm 119.122; Pwo 6.1; Eza 38.14; Eb 7.22 mèt kwè m, Bondye!
Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen.
M pa gen pèsonn lòt ki ka tope ak yo.
4Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann.
Pa kite yo gen rezon sou mwen.
5Pawòl #Jòb 11.20 la di: Ensousyan ap fè babako pou zanmi,
timoun lakay li ap dòmi tèt ba.
6Yo #Det 28.37; Jòb 30.9,10 fè koze sou mwen nan pèp la.
Yo vin krache nan figi m!
7Mwen #Jòb 14.2; Sòm 6.7 sitèlman nan lapenn, m pa ka louvri je m.
Mwen fin tounen zo ak po.
Ata lonbray mwen pa fè!
8Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa.
Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye.
9Moun #Jòb 22.30 k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon.
Sa ki pa mete men yo nan okenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.
10Nou tout mèt vin kanpe devan m,
mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.
11Mwen fin viv! Tout plan m te gen nan tèt mwen kraze.
Mwen pa gen okenn espwa ankò.
12Yo #Jòb 11.17 pretann lannwit se lajounen.
Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.
13Se lanmò mwen m'ap tann.
Se simityè sèl ki tout espwa mwen rete
14Mwen di tonm lan ou se papa m.
Mwen di vèmin ki pral manje m yo: nou se manman m ak sè m.
15Kote ki gen espwa pou mwen ankò?
Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?
16#Jòb 3.17-19; 21.26 m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a,
eske m'a ka pote espwa m yo ansanm avè m?

Currently Selected:

Jòb 17: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy