YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 20

20
Dezyèm koze Sofa ak Jòb
1Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
2— Mwen gen yon bann lide k'ap travay nan tèt mwen.
Mwen pa ka tann ankò. Se pou m reponn ou.
3Tou sa ou di la a vekse m.
Men, mwen konnen jan pou m reponn ou.
4Ou #Det 4.32 konnen, depi nan tan lontan,
depi premye moun Bondye te mete sou tè a,
5mechan #Sòm 37.35 pa janm gen kè kontan pou lontan.
Plezi moun k'ap fè mal, se pou yon ti tan.
6Yo #Eza 14.13,14; Abd 3,4 te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la,
jouk pou tèt yo ta rive nan nyaj yo,
7y'ap #1 Wa 14.10; Jòb 14.10; Sòm 83.10 rete konsa, y'ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule.
Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.
8Moun #Sòm 73.20; 90.5; Eza 29.7 bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje,
tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p'ap janm wè ankò.
9Moun #Jòb 7.8,10 ki te konn wè yo p'ap wè yo ankò.
Menm moun lakay yo p'ap konnen kote yo pase.
10Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo.
Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.
11Mechan #Jòb 21.26 yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou.
Men kounyeya, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.
12#Sòm 10.7 l t'ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li,
li te kenbe ti gout anba lang li.
13Li pat kite l fin twò vit nan bouch li,
pou l te ka jwi gou a pandan lontan.
14Men, #Det 32.33 rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl.
Anndan vant li pran boule l tankou si li te vale pwazon.
15Mechan an gen pou l vonmi tout richès li te vòlò yo,
paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.
16Tou #Pwo 23.32 sa li te vale tounen pwazon pou li.
L'ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l.
17Li #Det 32.13,14; Jòb 29.6; Sòm 36.8 p'ap viv pou l wè lwil koule tankou dlo larivyè,
ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas.
18L'ap blije bay tou sa li te travay fè.
Li p'ap gen chans jwi richès li yo.
19Paske li te piye kay pòv malere yo,
li te pito vòlò kay moun pase pou l bati.
20Li #Pwo 17.1; Ekl 5.13,14; Eza 59.8 pat janm gen kont li.
Men, richès li p'ap ka delivre l.
21Pèsonn pat ka chape anba men l sitèlman li te akrèk.
Non. Tout richès li yo pa la pou lontan.
22Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere.
Tout kalite mizè pral tonbe sou li.
23Pandan #Nonb 11.33 l'ap manje plen vant li,
Bondye pral move kont move sou li.
Malè pral tonbe dri sou li.
24#2 Sam 22.35; Am 5.19 l'ap chache kouri pou lepe,
flèch wouye pral pèse li pakanpak.
25Yon #Jòb 18.11 flèch ap pèse kò l. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la.
Kè l sere, li wè lanmò anfas.
26Li #Jòb 15.34; Sòm 21.9 pèdi tou sa li te sere.
Yon dife pèsonn pa limen ap boule l.
L'ap devore tou sa ki lakay li.
27Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal.
Latè kanpe pou denonse l.
28Yon sèl dlo desann va pote kay li ale,
jou Bondye va fè kòlè sa a sou li.
29Wi, #Jòb 27.13; 31.2,3 se sa Bondye sere pou mechan yo.
Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.

Currently Selected:

Jòb 20: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy