YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 16

16
Dezyèm repons Jòb bay Elifaz
1Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:
2— Mwen #Jòb 13.5 bouke tande pawòl sa yo!
Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.
3Kilè #Jòb 15.2 n'a sispann tout pale anpil sa a?
Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!
4Si #2 Wa 19.21; Sòm 22.7; Jer 18.16; Mat 27.39 m te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen,
m ta ka pale jan nou pale a tou,
m ta pase nou nan yon wonn tenten,
m ta vide bèl diskou sou nou.
5M ta remoute kouray nou ak konsèy,
m ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.
6Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen.
Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l ban m yon ti louga.
7 # 16.7-11: Nou pa fin sèten se sa tèks ebre a vle di. Kounyeya, Bondye, se fini ou fini avè m.
Ou kite yo touye tout fanmi m.
8Ou #Rit 1.21; Jòb 10.17; Sòm 109.24 mete men sou mwen, ou pa vle wè m ankò.
Mwen tounen zo ak po.
Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m.
9Nan #Jòb 18.4; 30.21; Sòm 35.16; Lam 2.16; Oze 6.1; Tra 7.5 kòlè li, Bondye ap dechire m moso pa moso.
L'ap devore m anba dan l.
L'ap louvri je l sou mwen, li pa vle wè m!
10Moun #1 Wa 22.24; Sòm 3.7; 22.13; 35.15; Lam 3.30; Tra 23.2 prèt pou manje m.
Yo kouri sou mwen,
y'ap joure m, y'ap touye m anba souflèt.
11Bondye lage m nan men mechan yo.
Li jete m anba grif san manman yo.
12Mwen #Jòb 7.20 t'ap viv tou dousman, li bouskile m.
Li pran m dèyè nwa kou, li kraze m, li fè m tounen jwèt li.
13L'ap #Jòb 6.4; 27.22; Lam 2.11 voye flèch li sou mwen kote m vire.
Li pèse tout kò m, li san pitye pou mwen,
li mete san m deyò.
14Kote mwen vire, se blese sou blese.
Li vare sou mwen kou sòlda vare sou lènmi nan lagè.
15Mwen #Sòm 7.5; 75.10 fè rad sak mete sou mwen,
mwen woule kò m nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.
16Je m vin wouj afòs mwen kriye.
Tout anba je m gonfle vin tou nwa.
17Men, #Eza 53.9 mwen konnen mwen pa fè okenn moun mechanste.
Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m.
18Ou #Jen 4.10; Eza 26.21 menm latè, pa kache mizè mwen.
Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!
19Paske #Sòm 89.37; Wòm 1.9 mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen,
gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.
20Zanmi m #Jòb 12.5 yo ap pase m nan betiz,
men, m'ap kriye nan pye Bondye.
21Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a,
menm jan yon moun plede kòz zanmi l.
22M pa #Jòb 10.21 lontan mouri.
Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.

Currently Selected:

Jòb 16: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in