YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 15

15
DEZYEM SERI KOZE JOB AK ZANMI L YO
(15—21)
Dezyèm koze Elifaz ak Jòb
1Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa:
2— Lè #Jòb 6.26; 8.2; 16.3; Oze 12.1 yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn.
Li p'ap chita ap fè djazè.
3Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen,
ak bèl diskou ki pa sèvi anyen.
4Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a,
moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò.
Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye.
5Se koupab ou koupab ki fè ou pale konsa.
Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay.
6Se #2 Sam 1.16; Jòb 9.20; Lik 19.22 pwòp bouch ou k'ap kondannen ou.
Se pwòp pawòl nan bouch ou k'ap fini avèk ou.
7Manyè #Jòb 38.21; Sòm 90.2; Pwo 8.25 di m non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè?
Eske ou te fèt anvan tout mòn yo?
8Eske #Jòb 29.4; Sòm 82.1; Jer 23.18; Wòm 11.34; 1 Kor 2.11 ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li,
kifè ou konnen pase tout moun?
9Kisa #Jòb 12.3; 13.2 ou konnen nou menm nou pa konnen?
Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann?
10Se #Jòb 12.12; 32.6,7 nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan
ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou.
11Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a?
Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a.
12Men, gade jan ou move!
W'ap louvri je ou sou nou!
13W'ap #Jòb 21.4 pase kòlè ou sou Bondye.
W'ap plede joure l.
14Ki #Jòb 25.4-6 jan #Jòb 14.4; Pwo 20.9; 1 Jan 1.8,10 ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye?
Pou moun ki sòti nan vant fanm gen rezon devan Bondye?
15Ata #Jòb 4.18 zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans.
Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l.
16Alewè #Jòb 34.7; Sòm 14.3; 53.1 atò pou moun pèvèti ki pa vo anyen,
ki viv nan mechanste tankou se respire y'ap respire!
17Kounyeya, Jòb, koute m. Kite m esplike avè ou!
Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè.
18Moun #Jòb 8.8; Sòm 44.1 ki gen bon konprann moutre m anpil verite.
Yo pat kache m anyen.
Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l.
19Granmoun #Jowèl 3.17 sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase,
san okenn moun lòt nasyon pat mele ak yo.
20Mechan #Jòb 27.13 yo pase tout lavi yo nan tèt chaje.
Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan.
21Rèl #Jòb 18.11; 1 Tes 5.3 moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo.
Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
22Yo pa gen espwa chape nan fènwa a,
paske manchèt pare ap tann yo.
23Y'ap #Sòm 59.15 kouri adwat agòch, y'ap chache manje.
Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo.
24Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo
tankou yon wa ki tou pare pou batay.
25Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye,
moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye.
26Yo #Sòm 75.5 kache dèyè pwotèj anfè yo
epi yo fonse sou Bondye.
27Figi #Sòm 17.10 yo gra kou chat.
Men gwosè vant yo ak grès!
28Yo rete nan lavil ki fin kraze,
nan kay moun kouri kite,
kay ki fin tounen mazi.
29Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan.
Menm lonbray yo #15.29: lonbray yo: Dapre yon ansyen vèsyon, men tèks ebre a pa klè. ap disparèt.
30Yo #Jòb 4.9 p'ap ka kouri pou fènwa a.
Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo
epi van bwote tout flè l yo ale. #15.30: epi van bwote tout flè l yo ale: Dapre yon ansyen vèsyon, men nan tèks ebre a nou jwenn: Bondye ap soufle sou yo, epi y'ap peri.
31Yo #Eza 59.4 pa bezwen konte sou pozisyon yo.
Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen.
32Anvan #Sòm 55.23; 102.24 yo donnen, branch yo ap fennen #15.32: ap fennen: Dapre kèk ansyen vèsyon, men tèks ebre a bay chaje.
boujon yo p'ap pouse fèy ankò.
33Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo,
tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l.
34Wi, #Jòb 20.26 mechan yo p'ap gen pitit.
Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè.
35#Sòm 7.14; Eza 59.4 yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe.
Se pwòp tèt li l'ap twonpe.

Currently Selected:

Jòb 15: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in