YouVersion Logo
Search Icon

Ezekyèl 15

15
Parabòl pye rezen an
1Senyè a pale avè m ankò: Li di m konsa:
2— Ras #Sòm 80.8; Eze 19.10-14 Adan! Kisa bwa rezen an genyen ki fè li pi bon
pase bwa tout lòt pyebwa ou ka jwenn nan rak?
3Eske li ka ba ou bwa pou fè anyen?
Eske yo ka fè pikèt kwòk avè l pou pandye bagay?
4Li #Jan 15.6 ka sèvi pou limen dife ase.
Dife a boule de bout li yo ansanm ak mitan an.
Apre sa, ou pa ka fè anyen avè l ankò.
5Li pa t'ankò boule, yo te tou pa ka fè anyen avè li.
Koulyeya, dife fin boule li, se pi rèd ankò.
6Se poutèt sa, men sa Senyè sèl Mèt la di:
Menm jan yo pran yon bwa pye rezen nan mitan yon rakbwa,
yo jete l nan dife pou boule l,
se sa menm mwen pral fè ak moun lavil Jerizalèm yo.
7M'ap #Jer 21.10; Eze 6.7; 14.8 kenbe tèt ak yo.
Yo te chape anba dife a yon fwa,
men se dife k'ap boule yo.
Lè m'a kenbe tèt ak yo,
n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
8Yo #Eze 6.14; 14.13 twonpe m tankou yon fanm k'ap twonpe mari l.
Se poutèt sa m'ap fè peyi a tounen yon dezè.
Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.

Currently Selected:

Ezekyèl 15: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in